15
Alò, II Kwo 20:14Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la. Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: II Kwo 20:17SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou. I Wa 12:28-33Pandan anpil jou, Israël te kon san vrè Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa. Men Det 4:29nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li. Jij 5:6Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo. Mat 24:7Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub. Men nou menm, Jos 1:7-9kenbe fèm e pa pèdi kouraj, paske gen rekonpans pou travay nou yo.”
Lè Asa te tande pawòl sila yo avèk pwofesi ke Azaria, fis a Obed la, te pale a, li te pran kouraj, e li te retire zidòl abominab yo soti nan tout peyi Juda avèk Benjamin yo, II Kwo 13:19ak nan vil ke li te kaptire nan peyi kolin Éphraïm yo. II Kwo 4:1Lè l fini, li te restore lotèl SENYÈ a ki te devan galri SENYÈ a. Li te rasanble tout Juda avèk Benjamin avèk tout sila ki te sòti Éphraïm, Manassé ak Siméon yo, II Kwo 11:16ki te rete avèk yo, paske anpil nan yo te vin jwenn li soti an Israël lè yo te wè ke SENYÈ a, Bondye a, te avèk li. 10 Konsa, yo te rasanble Jérusalem nan twazyèm mwa, nan kenzyèm ane, nan règn Asa a. 11  II Kwo 14:13-15Yo te fè sakrifis bay SENYÈ a nan jou sa a, sèt-san bèf avèk sèt-mil mouton soti nan piyaj ke yo te pote a. 12  II Kwo 23:16Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo; 13 epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, Egz 22:20ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm. 14 Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a. 15 Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, II Kwo 14:7SENYÈ a te ba yo repo tout kote.
16  I Wa 15:13-15Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an. 17 Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo. 18 Li te pote lakay SENYÈ a tout bagay dedye ki te pou papa li ak bagay dedye ki te pou li yo: ajan avèk lò avèk zouti. 19 Epi pa t gen lagè ankò jis rive nan trann-senk ane règn a Asa a.

15:1 II Kwo 20:14

15:2 II Kwo 20:17

15:3 I Wa 12:28-33

15:4 Det 4:29

15:5 Jij 5:6

15:6 Mat 24:7

15:7 Jos 1:7-9

15:8 II Kwo 13:19

15:8 II Kwo 4:1

15:9 II Kwo 11:16

15:11 II Kwo 14:13-15

15:12 II Kwo 23:16

15:13 Egz 22:20

15:15 II Kwo 14:7

15:16 I Wa 15:13-15