25
II Wa 14:1-6Amatsia te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa, e li te renye vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Joaddan de Jérusalem. Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, II Kwo 25:14sepandan, pa avèk tout kè l. Alò, II Wa 14:5li te vin rive depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye papa li, wa a. Sepandan, li pa t touye pitit yo, men li te swiv sa ki ekri nan lalwa nan liv Moïse la, ke SENYÈ a te kòmande, ki te di: Det 24:16“Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
Anplis, Amatsia te rasanble Juda, e li te òganize yo selon lakay papa yo anba chèf a dè milye e chèf a dè santèn toupatou nan Juda avèk Benjamin. Li te pran yon kontwòl global a sila Nonb 1:3soti nan ventan oswa plis yo, e li te twouve yo a twa-san-mil mesye, byen chwazi pou fè lagè ak manyen lans ak pwotèj. Li te anplwaye osi san-mil gèrye plen kouraj ki sòti an Israël pou san talan ajan. Men yon II Wa 4:9nonm Bondye te rive kote li e te di: “O Wa, pa kite lame Israël la ale avèk ou, paske SENYÈ a pa avèk Israël, ni avèk okenn nan fis Éphraïm yo. Men si ou ale, aji avèk fòs pou batay la. Bondye va rale ou desann devan lènmi yo, II Kwo 14:11paske Bondye gen pouvwa pou ede e pou desann.”
Amatsia te di a nonm Bondye a: “Men kisa n ap fè pou afè san talan ke m te bay a sòlda Israël yo?”
Nonm Bondye a te di: Det 8:18“Senyè a gen bokou plis pou bay pase sa.”
10 Konsa, Amatsia te voye yo ale, sòlda ki te rive kote li soti Éphraïm yo, pou rive lakay yo. Akoz sa a, kòlè yo te brile kont Juda e yo te retounen lakay ak gwo kòlè.
11 Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan II Wa 14:7Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo. 12 Fis a Juda yo, anplis, te kaptire di-mil tou vivan. Yo te mennen yo anwo pwent falèz la, e te jete yo anba soti anwo falèz la, jiskaske yo tout te kraze chire an mòso. 13 Men sòlda ke Amatsia te voye retounen pou yo pa ale nan batay la avèk li yo, te atake vil a Juda yo, soti Samarie jis rive Beth-Horon. Yo te frape twa-mil nan yo, e te piyaje anpil byen yo.
14 Alò, lè Amatsia te sòti nan masak Edomit yo, li te pote dye a fis a Séir yo. Li te pozisyone yo tankou dye pa li, pou l bese ba devan yo e te brile lansan a yo menm. 15 Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, II Kwo 25:11-12ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?”
16 Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?”
Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”
17  II Wa 14:8-14Alò, Amatsia, wa Juda a te pran konsèy moun pa l. Li te voye kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa Israël la. Li te di l: “Vini, annou parèt fasafas.”
18 Joas, wa Israël la te voye kote Amatsia, wa Juda a. Li te di: Jij 9:8-15“Bwa pikan ki te Liban an te voye kote bwa sèd ki te Liban an, e te di: ‘Bay fi ou a fis mwen nan maryaj.’ Men yon bèt sovaj nan Liban te pase akote e te foule bwa pikan an. 19 Ou di nan tèt ou: ‘Gade byen, mwen te bat Édom.’ Konsa II Kwo 26:16kè ou vin plen ak ògèy e anfle. Alò, rete lakay ou! Poukisa ou ta pwovoke twoub pou tèt ou, jiskaske ou menm, ou ta tonbe e Juda avèk ou?”
20 Men Amatsia pa t ap koute, paske sa te soti nan Bondye, ki ta livre yo nan men lèdmi yo, akoz yo te chache dye Édom yo. 21 Konsa Joas, wa Israël la te monte, e li menm avèk Amatsia, wa Juda a te fè fasafas nan Beth-Schémesch, ki te pou Juda a. 22 Juda te bat pa Israël, e yo chak te kouri nan pwòp tant yo.
23 Alò Joas, wa Israël la te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a II Kwo 21:17Joachaz la, nan Beth-Schémesch. Li te mennen li Jérusalem, e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Éphraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, kat-san koude nan longè. 24 Li te pran tout lò avèk ajan ak tout zouti ki te twouve lakay Bondye a avèk I Kwo 26:15Obed-Édom ak trezò lakay wa a, ansanm avèk prizonye yo, e te retounen Samarie.
25  II Wa 14:17-22Epi Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la. 26 Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade, èske yo pa ekri nan Liv A Wa Juda Avèk Israël yo? 27 Depi lè ke Amatsia te vire kite SENYÈ a, yo te fè konplo kont li Jérusalem, e li te sove ale Lakis, men yo te voye dèyè li Lakis e te touye li la. 28 Konsa, yo te mennen li sou cheval e te antere li avèk zansèt li yo lavil Juda.

25:1 II Wa 14:1-6

25:2 II Kwo 25:14

25:3 II Wa 14:5

25:4 Det 24:16

25:5 Nonb 1:3

25:7 II Wa 4:9

25:8 II Kwo 14:11

25:9 Det 8:18

25:11 II Wa 14:7

25:15 II Kwo 25:11-12

25:17 II Wa 14:8-14

25:18 Jij 9:8-15

25:19 II Kwo 26:16

25:23 II Kwo 21:17

25:24 I Kwo 26:15

25:25 II Wa 14:17-22