9
Abimélec, fis a Jerubbaal la te ale nan Sichem vè fanmi manman li. Li te pale ak yo e a tout fanmi lakay granpapa li bò kote manman l. Li te di: “Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke Jen 29:14mwen se zo nou ak chè nou.”
Fanmi li yo te pale tout pawòl sila yo pou li menm kote pou tout chèf Sichem yo tande. Kè yo te apye vè Abimélec, akoz yo te di: “Li se Jen 29:15fanmi nou.” Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay Jij 8:33Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li. Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te II Wa 11:1-2 touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li. Tout mesye a Sichem yo avèk tout Beth-Millo yo te rasanble ansanm pou yo te ale fè Abimélec wa kote bwadchenn nan akote pilye ki te Sichem nan. Alò, lè yo te di Jotham sa, li te ale kanpe sou tèt Det 11:29-30Mòn Garizim nan. Li te leve vwa li pou rele fò Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O mesye Sichem yo, pou Bondye kapab tande nou. Yon fwa pyebwa yo te ale pou onksyone yon wa sou yo. Yo te di a bwa doliv la: ‘Vin renye sou nou!’
“Men oliv la te di yo: ‘Èske mwen ta kite tout grès mwen, ke ni Bondye ni lèzòm onore, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?
10 “Epi bwa yo te di a pye fig la: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
11 “Men pye fig la te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite dousè mwen ak bon fwi mwen, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?’
12 “Epi bwa te di a pye rezen an: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
13 “Men pye rezen an te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite diven nèf mwen ki fè kè Bondye ak kè lezòm kontan, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa?’
14 “An dènye, tout bwa yo te di a raje pikan yo: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
15 “Epi raje pikan yo te di a bwa yo: ‘Si anverite w ap onksyone mwen kòm wa sou nou, vin pwoteje nou menm anba lonbraj mwen. Men si se pa sa, kite dife a sòti nan raje pikan an pou brile nèt tout sèd Liban yo.’
16 “Pou sa, si nou te aji an bòn fwa avèk entegrite nan fè Abimélec wa, si nou te aji byen avèk Jij 8:25Jerubbaal avèk lakay li e te aji avèk li jan li te merite a—— 17 paske papa m te goumen pou nou e li te riske lavi li pou te delivre nou nan men Madian. 18 Men nou te leve kont lakay papa m jodi a e nou te touye Jij 8:30fis li yo, swasann-dis moun sou yon sèl wòch pou te fè Abimélec, fis a bòn lakay li a, wa sou mesye Sichem yo, akoz li se moun fanmi nou; 19 si, alò, an bon fwa avèk entegrite, nou te aji avèk Jerubbaal avèk lakay li a nan jou sa a, rejwi nan Abimélec e ke li rejwi nan nou. 20 Men si se pa sa, ke dife sòti nan Abimélec pou manje nèt tout mesye a Sichem avèk Beth-Millo yo; epi ke dife sòti nan mesye Sichem nan ak Beth-Millo yo pou manje Abimélec nèt.”
21 Konsa, Jotham te sove ale pou te chape ale Beer e te rete la akoz Abimélec, frè li a.
22 Abimélec te renye sou Israël pandan twazan. 23  I Sam 16:14Epi Bondye te voye yon move lespri antre nan Abimélec avèk mesye Sichem yo. Konsa mesye a Sichem yo te És 33:1aji an movèz fwa avèk Abimélec, 24 jiskaske vyolans ki te fèt a swasann-dis fis Jerubbaal yo te kapab remonte e Nonb 35:33san pa yo ta kapab vin poze sou Abimélec, frè yo a, ki te touye yo, ak sou mesye Sichem yo, ki te ranfòse men li pou l ta kab touye frè li yo. 25 Mesye Sichem yo te mete moun an anbiskad kont li sou tèt mòn yo e yo te vòlè tout moun ki te pase bò kote yo nan wout la. Tout sa te pale a Abimélec.
26 Alò Gaal, fis Ébed la, te vini avèk fanmi pa li yo pou te travèse Sichem, epi mesye Sichem yo te mete konfyans yo nan li. 27 Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay Jij 8:33dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec. 28 Konsa, Gaal, fis a Ébed la te di: “Kilès Abimélec sa a ye, e kilès Sichem ye pou nou ta dwe sèvi li? Se pa fis a Jerubbaal la? Se pa Zebul ki lyetnan li? Sèvi pito mesye Jen 34:2 Hamor yo, fis a Sichem lan, men poukisa nou ta dwe sèvi li menm? 29 Pito sa, ke pèp sa a te anba otorite pa m! Konsa, mwen ta retire Abimélec.” Konsa li te pale Abimélec: “Fè lame ou a vin pi gran e vin parèt deyò!”
30 Lè Zebul, chèf lavil la te tande pawòl a Gaal yo, fis a Ébed la, kòlè li te vin brile. 31 Li te voye mesaje vè Abimélec pou twonpe li, e te di: “Veye byen, Gaal, fis a Ébed la avèk fanmi li te vini Sichem; epi gade, y ap konplote vil la kont ou. 32 Pou sa, fòk nou leve pandan nwit lan, nou menm avèk pèp nou an, pou kouche tann nan chan an. 33 Nan maten, depi solèy la leve, nou va leve bonè pou kouri sou vil la. Epi gade, lè li menm avèk pèp pa li a sòti deyò kont nou, nou va I Sam 10:7fè avèk yo nenpòt sa nou jwenn chans fè.”
34 Konsa, Abimélec avèk tout pèp ki te avèk li a, te leve pandan lannwit lan pou te kouche tann pou leve kont Sichem nan kat konpayi. 35 Alò Gaal, fis a Ébed la te sòti e te kanpe devan antre pòtay vil la. Konsa, Abimélec avèk pèp ki te avèk li yo te leve sòti nan anbiskad la.
36 Lè Gaal te wè pèp la, li te di a Zebul: “Gade, gen moun k ap desann soti nan tèt mòn yo.” Men Zebul te di: “Se lonbraj mòn ke w ap gade tankou moun nan.”
37 Gaal te pale ankò e te di: “Gade, se moun k ap desann soti nan Egz 38:12pi wo pati teren an, yon konpayi k ap pase pa chemen bwadchenn divinò yo.”
38 Konsa, Zébul te di li: “Kote ògèy ou fè koulye a, lè ou te di: ‘Kimoun Abimélec ye pou nou ta dwe sèvi li?’ Men se pa moun sa yo ke ou meprize konsa? Ale deyò koulye a pou batay avèk yo!”
39 Alò, Gaal te sòti deyò devan chèf Sichem yo pou te batay avèk Abimélec. 40 Abimélec te kouri dèyè li. Li te sove ale devan l, epi anpil te vin blese jis rive nan antre gran pòtay la. 41 Abimélec te viv nan Aruma; men Zebul te chase Gaal avèk fanmi li jiskaske yo pa t kab rete Sichem. 42 Alò, li te vin rive nan jou ki vini an, ke pèp la te sòti rive nan chan an, e yo te pale Abimélec tout sa. 43 Konsa, li te pran pèp li a e te divize yo an twa konpayi. Li te kouche tann nan chan an, e lè l te wè pèp ki t ap sòti nan vil la, li te leve kont yo e te touye yo. 44 Abimélec avèk konpayi ki te avè l la te kouri devan e te kanpe antre nan pòtay vil la. Lòt de konpayi yo te kouri sou tout moun ki te nan chan an e te touye yo. 45 Abimélec te goumen kont vil la pandan tout jounen an. Li te kaptire vil la e te touye pèp ki te ladann yo. Konsa, li te kraze vil la e te simen sèl ladann.
46 Lè tout chèf nan fò Sichem nan te tande sa, yo te antre kache nan chanm enteryè tanp Jij 8:33El-Berith la. 47 Kèk moun te avèti Abimélec ke tout chèf fò Sichem nan te rasanble ansanm. 48 Konsa, Abimélec te monte Sòm 68:14Mòn Tsalmon an, ansanm ak tout pèp ki te avè l yo. Li te pran yon rach nan men l, e te koupe yon branch nan bwa yo. Li te leve li monte sou zepòl li, e te di pèp ki te avè l yo: “Sa nou wè ke m fè a, fè vit e fè l menm jan an.” 49 Tout pèp la te koupe branch yo menm jan an, yo te swiv Abimélec, yo te plase yo kont chanm enteryè a, e yo te limen chanm enteryè a avèk dife anwo sila ki te anndan yo. Konsa, tout mesye nan fò Sichem yo te mouri, anviwon mil gason ak fanm. 50 Epi Abimélec te ale Thébets. Yo te fè kan kont Thébets e yo te kaptire li. 51 Men te gen yon fò ki te byen fòtifye nan mitan vil la. Tout gason, ni fanm, ni tout chèf lavil la te sove ale rive la e te fèmen kò yo anndan, pou monte sou twati fò a. 52 Pou sa, Abimélec te vini vè fò a, e te goumen kont li. Li te pwoche antre nan fò a pou brile li avèk dife. 53 Men yon II Sam 11:21sèten fanm te jete yon wòch moulen (sila a ki sòti anwo nan moulen an) sou tèt Abimélec e te kraze zo tèt li.
54 Byen vit I Sam 31:4li te rele gason an ki te pote zam li yo. Li te di li: “Rale nepe ou touye mwen pou yo pa kab pale de mwen, ke yon fanm te touye m.” Konsa, jennonm nan te frennen li nèt e li te mouri.
55 Lè mesye Israël yo te wè ke Abimélec te mouri, yo tout te pati rive lakay yo. 56 Konsa, Jen 9:5-6Bondye te rekonpanse mechanste Abimélec te fè a papa l, nan touye swasann-dis frè li yo. 57 Bondye te retounen tout mechanste a mesye Sichem yo sou pwòp tèt pa yo, epi madichon Jotham nan, fis Jerubbaal la, te vin sou yo.

9:2 Jen 29:14

9:3 Jen 29:15

9:4 Jij 8:33

9:5 II Wa 11:1-2

9:7 Det 11:29-30

9:16 Jij 8:25

9:18 Jij 8:30

9:23 I Sam 16:14

9:23 És 33:1

9:24 Nonb 35:33

9:27 Jij 8:33

9:28 Jen 34:2

9:33 I Sam 10:7

9:37 Egz 38:12

9:46 Jij 8:33

9:48 Sòm 68:14

9:53 II Sam 11:21

9:54 I Sam 31:4

9:56 Jen 9:5-6