21
Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di: “Fis a lòm, Éz 20:46ranje figi ou vè Jérusalem. Pale kont sanktyè yo e pwofetize kont peyi Israël: Di a peyi Israël la: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen vin kont nou. Mwen va rale nepe Mwen nan fouwo, e Mwen va koupe retire de nou Jr 31:13moun dwat yo ak mechan yo. Konsa, lè M ap koupe retire nèt de nou, moun dwat yo ansanm ak mechan yo, nan menm fwa, nepe M va rale soti nan fouwo li, kont tout chè soti nan sid jis rive nan nò. Konsa, tout chè va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te rale nepe Mwen sòti nan fouwo. Li I Sam 3:12p ap remete nan fouwo ankò.” ’
“Pou ou menm, fis a lòm, plenn fò nan gòj ou ak kè kase, ak doulè òrib. Plenn nan gòj devan zye yo, ak kè kase, byen amè. Konsa, lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz Éz 7:26nouvèl k ap vini an! Tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’ ”
Ankò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale SENYÈ a:
“Yon Det 32:41nepe! Yon nepe!
Li file e anplis, klere!
10 File pou fè yon És 34:5-6masak,
klere pou tire kon kout loray!
Èske se konsa nou dwe fè kè kontan?
Baton fis Mwen an, kondannen denyè pyebwa a.
11 Li fèt pou li ta poli,
pou yo kab manyen li.
Nepe a file e poli,
pou plase nan men a sila k ap touye a.
12 Kriye fò e rele anmwey, fis a lòm;
paske li kont pèp Mwen an,
li kont tout Éz 21:25prens Israël yo.
Yo vin livre a nepe a avèk pèp Mwen an.
Akoz sa, frape kwis ou.
 
13 “Paske gen yon tribinal. Kisa pou di si menm baton ki kondanen an pa la ankò?” deklare Senyè BONDYE a.
14 “Pou sa, ou menm, fis a lòm,
pwofetize e bat men ou ansanm.
Kite nepe a vin Lev 26:21-24double pou twazyèm fwa a,
nepe pou tout sila ak blesi fatal yo.
Se nepe pou gran la ki pote yon blesi fatal.
Nan chanm yo l ap antre.
15 Pou kè yo ka fann, e anpil moun
És 59:10tonbe sou pòtay yo, Mwen te plase nepe klere a devan tout potay yo.
Ah! Li fèt pou frape tankou loray;
li byen pwenti ak lentansyon fè masak.
16 Rasanble nou menm.
Ale adwat!
Pozisyone ou byen alinye!
Ale agoch,
nenpòt kote ou gade.
17 Anplis, Mwen va bat men M ansanm;
Mwen va Éz 5:13satisfè chalè kòlè Mwen.
Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale li.”
18 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 19 “Pou ou menm, fis a lòm, Jr 1:10fè de wout pou nepe wa Babylone nan kapab vini. Toulède va sòti nan yon sèl peyi. Epi fè yon endikasyon sou poto bwa. Fè l nan tèt wout pou antre nan vil la. 20 Ou va trase wout la pou nepe a vin rive nan Rabbath a fis a Ammon yo, e vè Juda, nan Sòm 48:12Jérusalem fòtifye a. 21 Paske wa Babylone nan te kanpe nan kote wout yo divize a, nan tèt a de wout yo, pou fè sèvis divinò. Li te souke flèch yo, li konsilte zidòl lakay yo, li egzamine fwa a. 22 Sou men dwat li, oso a an te parèt; ‘Jérusalem,’ pou Éz 4:2monte ak gwo moso bwa long pou kraze pòtay yo, pou ouvri bouch pou masak la, pou leve vwa gwo kri batay la, pou mete gwo bout bwa long yo kont pòtay yo, pou monte ran syèj yo, pou bati yon miray syèj. 23 Epi sa va pou yo kon yon fo divinasyon nan zye yo. Yo te fè sèman solanèl, men li Nonb 5:15mennen inikite nan memwa yo, pou yo ka vin sezi yo.
24 “Akoz sa”, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou te mennen inikite nan memwa nou, nan sa, transgresyon nou yo vin dekouvri nèt. Konsa, pou tout zak nou yo, peche nou vin parèt—akoz nou vin sonje yo, men lan va vin sezi nou.
25 “ ‘Epi ou menm, O nonm mechan an ak blesi fatal la, prens Israël la, ou menm ak Sòm 37:13jou ki rive a, nan moman pinisyon final lan. 26 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Retire mouchwa sou tèt ou a, e retire kouwòn nan. Sa p ap menm ankò. Sòm 75:7Leve sa ki ba e bese sa ki wo. 27 Mwen va boulvèse, boulvèse, boulvèse tout sa a. Sa tou p ap genyen li ankò jiskaske Sòm 2:6Sila ki gen dwa a, vini, e Mwen va bay li a Li menm.” ’
28 “Ou menm, fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan fis a Ammon yo e konsènan ‘repwòch’ yo:
“Yon nepe, yon nepe fin rale!
Li klere pou masak la,
pou fè l konsonmen nèt,
pou li kapab tankou loray.
29 Pandan yo wè pou ou Jr 27:9fo vizyon yo,
pandan yo devine manti pou ou,
pou mete ou sou kou a mechan ki gen blesi fatal la,
jou a sila ki fin rive a, nan lè pinisyon final la.
30 Remete li nan fouwo a.
Nan Éz 25:5plas kote ou te kreye a,
nan pwòp peyi ou an, Mwen va jije ou.
31 Mwen va Éz 14:9vide kòlè Mwen sou ou.
Mwen va soufle sou ou ak dife kòlè Mwen
e Mwen va livre ou nan men a lezòm brital yo;
sila ak gran kapasite pou detwi.
32 Ou va vin Éz 20:47-48bwa sèch pou dife a;
san ou va vide nan mitan peyi a.
Yo p ap sonje ou ankò;
paske Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.” ’ ”

21:2 Éz 20:46

21:3 Jr 31:13

21:5 I Sam 3:12

21:7 Éz 7:26

21:9 Det 32:41

21:10 És 34:5-6

21:12 Éz 21:25

21:14 Lev 26:21-24

21:15 És 59:10

21:17 Éz 5:13

21:19 Jr 1:10

21:20 Sòm 48:12

21:22 Éz 4:2

21:23 Nonb 5:15

21:25 Sòm 37:13

21:26 Sòm 75:7

21:27 Sòm 2:6

21:29 Jr 27:9

21:30 Éz 25:5

21:31 Éz 14:9

21:32 Éz 20:47-48