14
1 Epi kèk nan ✡ II Wa 6:32ansyen Israël yo te parèt kote mwen e te chita devan m. 2 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 3 “Fis a lòm, mesye sila yo te ✡ Éz 20:16fin etabli zidòl pa yo nan kè yo e yo te mete dwat devan figi yo kon wòch k ap fè moun chite a pou fè yo tonbe nan inikite yo. Èske Mwen ta menm dwe resevwa avi pa yo? 4 Pou sa, pale ak yo e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nenpòt moun lakay Israël ki pozisyone zidòl nan kè li, mete dwat devan figi l wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a e alò, ta vin jwenn pwofèt la, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin bay li yon repons sou sijè a an konsènan ✡ I Wa 21:20-24tout kantite zidòl li genyen yo, 5 Pou anpare ✡ Jr 17:10kè a lakay Israël yo ki separe de Mwen akoz tout zidòl yo.” ’ ”
6 “Pou sa, di a tout lakay Israël la, ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: ✡ I Sam 7:3 “Repanti, vire kite zidòl nou yo e vire figi nou lwen de tout abominasyon nou yo.” ’ ”
7 “Paske nenpòt moun lakay Israël, kit se ✡ Egz 12:48etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, ki vin mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M. 8 Mwen va ✡ Jr 44:11pozisyone figi M kont mesye sa a, fè li yon sign ak yon pwovèb e Mwen va koupe retire li nèt de pèp Mwen an. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
9 “Men si pwofèt sila sanse rele pou pale yon pawòl, se Mwen menm, SENYÈ a, ki te rele pwofèt sa a, Mwen va lonje men M kont li pou ✡ Jr 6:14-15detwi li soti pami pèp Mwen an, Israël. 10 Yo va pote frè inikite yo; jan inikite a sila k ap mande l pale a, se konsa inikite a pwofèt la va ye, 11 Pou lakay Israël pa egare lwen Mwen ankò e pou yo pa souye tèt yo ankò ak tout transgresyon yo. Konsa, yo va vin pèp mwen e Mwen va Bondye yo,” deklare Senyè BONDYE a.”
12 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 13 “Fis a lòm, si yon peyi peche kont Mwen nan ✡ Éz 15:8komèt enfidelite, Mwen va lonje men M kont li, detwi sous pen li, voye gwo grangou kont li e koupe retire nèt de li ni lòm, ni bèt, 14 ✡ Jr 15:1Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, pa pwòp ladwati yo se sèl pwòp tèt pa yo ke yo ta ka delivre”, deklare Senyè BONDYE a.
15 “Si Mwen te fè ✡ Lev 26:22bèt sovaj pase nan peyi a pou detwi moun ladann e li te vin dezole jis pou pèsòn pa ta pase ladann akoz bèt yo, 16 Menmsi twa mesye sila yo te la nan mitan l, kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. ✡ Jen 19:29Se yo sèl ki t ap delivre, men peyi a t ap vin dezole nèt.
17 “Ni, si Mwen ta ✡ Lev 26:25mennen yon nepe sou peyi sa a e di: ‘Kite nepe a pase nan tout peyi a pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann,’ 18 Menmsi, twa mesye sila yo te nan mitan l, kon Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo, men se sèl yo menm ki ta delivre.
19 “Oswa, si M ta voye yon ✡ Jr 14:12gwo grangou kont peyi sa e vide kòlè Mwen an san sou li pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann, 20 Menmsi Noé, Daniel ak Job te nan mitan l, kon Mwen viv la, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Yo ta delivre sèlman pwòp tèt yo, pa ladwati pa yo.”
21 Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Konbyen ankò ✡ Éz 5:17lè Mwen voye kat gwo jijman Mwen yo kont Jérusalem: nepe, gwo grangou, bèt sovaj ak epidemi pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. 22 Malgre sa, gade byen, gen yon retay ki va rete soti ladann, ni fis, ni fi. Gade byen, yo va vin parèt vè ou menm e ou va wè ✡ Éz 12:16kondwit ak zèv yo; epi ou va vin rekonfòte pou gwo malè ke M te mennen sou Jérusalem nan, pou tout bagay ke M te mennen sou li yo. 23 Nan lè sa a, yo va rekonfòte ou lè ou wè kondwit ak aksyon yo, paske ou va konnen ke M pa t fè ✡ Jr 22:8-9anyen anven,” deklare Senyè BONDYE a.