44
Pawòl ki te rive kote Jérémie pou tout Jwif ki te rete nan peyi Égypte yo, sila ki te rete nan Egz 14:2Migdol yo, Tachpanès Noph ak nan peyi a Pathros yo. Li te di: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Nou menm, nou te wè tout malè ke M te mennen sou Jérusalem ak tout vil Juda yo. Gade byen, nan jou sa a, És 6:11yo fin kraze nèt e pèsòn pa rete nan yo, akoz mechanste ke yo te fè pou És 3:8pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo. Malgre sa, Mwen te Jr 7:13-25voye bannou tout sèvitè mwen yo, pwofèt yo, ankò e ankò e Mwen te di: “Ah, pa fè bagay abominab sila ke m menm rayi a.” Men Jr 11:8-10yo pa t koute, ni panche zòrèy yo pou kite mechanste yo, pou yo pa brile sakrifis a lòt dye yo. Akoz sa, kòlè Mwen ak mekontantman Mwen te vide e te brile nan Jr 7:17-34vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo, jiskaske yo vin detwi nèt e vin yon dezolasyon jis rive jodi a.’
“Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta Jr 3:24koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay. Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, Jr 7:9brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo? Èske nou fin bliye Jr 7:9-18mechanste a papa zansèt nou yo, mechanste a wa a Juda yo, mechanste a madanm yo, pwòp mechanste pa nou, mechanste a madanm pa nou yo, ke yo te komèt nan peyi Juda a ak nan ri Jérusalem yo. 10 Men yo pa t repanti, menm jis rive jodi a, ni yo pa t gen lakrent, ni Jr 26:4mache nan lalwa Mwen, ni règleman ke M te mete devan nou yo ak devan papa zansèt nou yo.’
11 “Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap Lev 17:10fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda. 12 Epi Mwen va Jr 42:15-22retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch. 13 Epi Mwen va pini sila ki rete an peyi Égypte, kon mwen te pini Jérusalem, ak nepe a, ak grangou, ak bèt ki ravaje chan e ak epidemi. 14 Konsa, Jr 22:10p ap gen moun ki chape, ni ki retounen nan retay Juda ki te antre nan peyi Égypte pou rezide la ak entansyon pou retounen nan peyi Juda, kote yo gen anvi retounen viv la. Paske okenn moun p ap retounen sof ke kèk grenn ki chape.’ ”
15 Epi Pwov 11:21tout sila ki te konnen ke madanm yo t ap brile sakrifis a lòt dye yo, ansanm ak tout fanm ki te kanpe la yo, yon gwo asanble, menm ak tout moun ki te rete Pathros nan peyi Égypte la, te reponn a Jérémie. Yo te di: 16 “Pou Pwov 1:24-27mesaj ke ou te pale nou nan non SENYÈ a, nou p ap koute ou! 17 Men pito, nou va akonpli tout pawòl ki te sòti nan bouch pa nou, lè n ap brile sakrifis a II Wa 17:16rèn syèl la, e vide bwason devan l, menm jan ke nou menm, ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prèt nou yo te konn fè nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo. Paske nan lè sa a, nou te gen kont manje, nou te byen alèz e nou pa t konn soufri malè. 18 Men depi lè nou te sispann brile sakrifis a rèn syèl la ak vide bwason devan l, nou te vin Nonb 11:5-6manke tout bagay, e nou te vin anile pa nepe ak gwo grangou.” 19 Fanm yo te pale: “Lè nou t ap Jr 7:18brile sakrifis a rèn syèl la, e nou t ap vide ofrann bwason a li menm, èske se te san mari nou ke nou te fè pou li gato sakrifis nan imaj li e te vide ofrann bwason a li menm?”
20 Epi Jérémie te di a tout pèp la, a mesye yo ak fanm yo—menm a tout pèp ki t ap reponn li konsa yo—e li te di: 21 Pou Éz 8:10-11sakrifis lafimen ke nou te brile nan vil a Juda yo ak ri a Jérusalem yo, nou menm ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prens nou yo e pèp peyi a, èske SENYÈ a pa t sonje yo, e èske tout sa pa t antre nan panse Li? 22 Konsa, SENYÈ a pa t ka sipòte sa akoz mechanste a zak nou yo, akoz zak abominab ke nou te komèt yo. Se pou sa, peyi nou an fin detwi nèt, yon objè degoutan ak yon madichon, san pèsòn pou rete ladann, jan li ye jodi a. 23 Akoz nou te brile sakrifis yo, nou te peche kont SENYÈ a e pa t obeyi vwa SENYÈ a, ni mache nan lalwa Li, règleman Li yo, ak temwayaj Li yo; akoz sa, gran malè sa a vin tonbe sou nou, jan li ye jodi a.
24 Konsa, Jérémie te di a tout pèp la, ansanm ak tout fanm yo: “Tande pawòl SENYÈ a, tout Juda ki rete Jr 43:7nan peyi Égypte la, 25 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa: ‘Pou nou menm ak madanm nou, nou te pale ak bouch nou, nou te akonpli sa ak men nou, e nou te di: “Anverite, nou va akonpli ve ke nou te fè yo, pou nou brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason nou yo a li menm.”
Éz 20:39“ ‘Ale fè l, pou akonpli ve nou yo; e byen si, akonpli ve nou yo!’
26 “Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: Sòm 50:16 ‘Pinga non Mwen janm nome ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.” 27 Gade byen, M ap veye sou yo pou malè yo, e pa pou byen yo. II Wa 21:14Tout mesye Juda ki nan peyi Égypte yo, va rankontre lafen pa yo ak nepe e ak gwo grangou jiskaske yo fin disparèt nèt. 28 Sila ki chape anba nepe yo va retounen sòti nan peyi Égypte pou rive Juda És 10:19 p ap gen anpil menm. Nan lè sa a, retay Juda ki te ale nan peyi Égypte pou rezide yo, va konnen pawòl a kilès k ap kanpe, si se pa M nan, oswa pa yo a’.
29 “ ‘Sa va sèvi kon sign pou nou’, SENYÈ a di: ‘ke Mwen va pini nou nan plas sa a, pou nou ka konnen ke Pwov 19:21pawòl Mwen va, anverite, kanpe kont nou pou malè nou.’ 30 Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va livre II Wa 25:4-7 Farawon Hophra, wa Égypte la, nan men lènmi li yo; nan men a sila k ap chache lavi li, menm jan ke m te livre Sédécias, wa Juda a, nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ki te ènmi li e ki t ap chache lavi li.’ ”

44:1 Egz 14:2

44:2 És 6:11

44:3 És 3:8

44:4 Jr 7:13-25

44:5 Jr 11:8-10

44:6 Jr 7:17-34

44:7 Jr 3:24

44:8 Jr 7:9

44:9 Jr 7:9-18

44:10 Jr 26:4

44:11 Lev 17:10

44:12 Jr 42:15-22

44:14 Jr 22:10

44:15 Pwov 11:21

44:16 Pwov 1:24-27

44:17 II Wa 17:16

44:18 Nonb 11:5-6

44:19 Jr 7:18

44:21 Éz 8:10-11

44:24 Jr 43:7

44:25 Éz 20:39

44:26 Sòm 50:16

44:27 II Wa 21:14

44:28 És 10:19

44:29 Pwov 19:21

44:30 II Wa 25:4-7