42
Epi tout gran chèf lame yo, Jr 40:8-13Jochanan, fis a Karéach la, Jezania, fis Hosée a, ak tout pèp la, ni piti, ni gran, te pwoche. Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman Lev 26:22kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an, pou SENYÈ a, Bondye ou a, kapab pale nou de Sòm 86:11chemen ke nou ta dwe pran an, ak bagay ke nou ta dwe fè a.”
Jérémie, pwofèt la, te di yo: “Mwen te tande. Gade byen, mwen va priye a SENYÈ a, Bondye nou an, an akò ak tout pawòl nou yo, epi mwen va di nou tout mesaj avèk sila SENYÈ a va reponn nou yo. Mwen p ap kenbe dèyè menm yon mo pou nou.”
Epi yo te di a Jérémie: “Ke Jen 31:50SENYÈ a kapab yon vrè fidèl temwen kont nou si nou pa aji selon tout mesaj ke SENYÈ a, Bondye ou a, va voye pou nou. Kit li dous, kit li pa dous, nou va Egz 24:7koute vwa SENYÈ a sou sila nou ap voye ou a, pou sa kapab ale byen pou nou lè nou koute vwa SENYÈ a, Bondye nou an.”
Alò, lè Sòm 27:14sèt jou fin ekoule, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie. Konsa, li te rele Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame ki te avè l yo ak tout pèp la, ni piti, ni gran. Epi li te di yo: “Konsa II Wa 19:4pale SENYÈ a, Bondye Israël la, a Sila nou te voye mwen pou prezante sa nou t ap mande devan L lan: 10 ‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va Jr 24:6ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou, men Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an. 11 Pa pè wa Babylone nan, k ap bannou perèz nan moman sa a. Pa pè l, paske Nonb 14:9Mwen avèk nou pou sove nou e pou delivre nou de men l. 12 Anplis, Mwen va montre nou konpasyon, Né 1:11pou l ta genyen konpasyon anvè nou e restore nou sou pwòp tè pa nou.
13 “ ‘Men si nou ap di: Egz 5:2“Nou p ap rete nan peyi sa a,” pou nou pa ta koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, 14 epi di: “Non, men nou va ale És 31:1nan peyi Égypte, kote nou p ap tande afè lagè, ni son a twonpèt, ni grangou pou pen, e se la nou va rete;” ’ 15 alò, nan ka sa a, koute pawòl SENYÈ a, O retay a Juda yo. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Si nou, anverite, fikse vizaj nou pou antre an Det 17:16Égypte e pou antre nan rezidans lan, 16 alò, Jr 44:13-27nepe ke nou vrèman krent lan va rive pran nou nan peyi Égypte la, epi grangou ke nou krent anpil la, va swiv nou de prè an Égypte, e la nou va mouri. 17 Konsa, tout mesye ki fikse panse yo pou rive la an Égypte, pou fè rezidans yo la, va mouri pa nepe, pa grangou, ak gwo epidemi. Yo Jr 44:14-28p ap gen retay, ni ki chape sou gwo malè ke Mwen va fè vini sou yo a.’ 18 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon Det 29:21madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’
19 “SENYÈ a te pale ak nou, O retay Juda a: ‘Pa Det 17:16ale antre an Égypte!’ Nou ta dwe konprann byen klè ke jodi a, mwen te avèti nou sa. 20 Paske nou Jr 43:2twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.” 21 Konsa, jodi a, mwen te di nou, men nou Jr 43:4pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, menm nan tout sa Li te voye mwen pale nou yo. 22 Akoz sa, nou ta koulye a dwe konprann ke nou va Os 9:6mouri pa nepe, pa grangou e pa gwo epidemi, nan plas kote nou vle ale rezide a.

42:1 Jr 40:8-13

42:2 Lev 26:22

42:3 Sòm 86:11

42:5 Jen 31:50

42:6 Egz 24:7

42:7 Sòm 27:14

42:9 II Wa 19:4

42:10 Jr 24:6

42:11 Nonb 14:9

42:12 Né 1:11

42:13 Egz 5:2

42:14 És 31:1

42:15 Det 17:16

42:16 Jr 44:13-27

42:17 Jr 44:14-28

42:18 Det 29:21

42:19 Det 17:16

42:20 Jr 43:2

42:21 Jr 43:4

42:22 Os 9:6