43
1 Men la menm Jérémie, ke SENYÈ a, Bondye pa yo a, te voye a, te ✡ Jr 26:8fin pale tout pèp la tout pawòl a SENYÈ a, Bondye pa yo a—— sa vle di, tout pawòl sila yo—— 2 Azaria, ✡ Jr 42:1fis a Hosée, Jochanan, fis a Karéach e tout mesye ògeye yo te di a Jérémie: “W ap bay manti! SENYÈ a, Bondye nou an, pa t voye ou di: ‘Nou p ap antre Égypte pou rete la’; 3 Men ✡ Jr 36:4-32Baruc, fis a Nérija a, ap chofe ou kont nou pou livre nou nan men a Kaldeye yo, pou yo menm mete nou a lanmò, oswa ekzile nou Babylone.”
4 Pou sa, Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf lame yo, ak tout pèp la, pa t obeyi vwa SENYÈ a pou rete nan peyi Juda a— 5 Men Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame yo te pran ✡ Jr 40:11tout retay a Juda yo, ki te retounen soti nan tout nasyon kote yo te konn chase yo rive, pou yo ta ka rete nan peyi Juda a—— 6 Mesye yo, fanm yo, timoun yo, ✡ Jr 41:10fi a wa yo e chak moun ke Nebuzaradan, chèf a kò gad la te kite avèk Guedalia, fis a Achikam nan ak granpapa a Schaphan, ansanm ak Jérémie, pwofèt la e Baruc, fis a Nérija a— 7 Epi yo te antre nan peyi Égypte la paske yo pa t obeyi a vwa SENYÈ ✡ Jr 2:16e yo te rive jis Tachnaès.
8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie nan ✡ Jr 46:14Tachpanès e te di: 9 “Pran kèk nan gwo wòch nan men ou e sere yo nan mòtye nan pave brik ki nan antre palè Farawon ki nan Tachpanès la, devan zye a kèk nan Jwif yo; 10 Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va voye chache Nebucadnetsar, wa Babylone nan ✡ És 44:28sèvitè Mwen an e Mwen va plase twòn li byen dirèk anwo wòch sila ke m te kache yo; epi li va ouvri abri pa l sou yo. 11 Anplis, li va vin frape peyi Égypte la; sila ki te fèt pou mouri va twouve lanmò; sila pou prizon yo, va vin anprizone e sila ki pou nepe yo, va jwenn nepe. 12 Epi Mwen va mete dife sou tanp dye Égypte yo, li va brile yo e fè yo vin prizonye. Li va vlope li menm ak peyi Égypte kon yon bèje vlope kò l ak vètman li e li va sòti la, ansekirite. 13 Anplis, li va kraze nèt imaj an wòch Beth-Schémech yo, ki nan peyi Égypte la; epi tanp dye a Égypte yo, li va brile yo ak dife.” ’ ”