2
1 Sila ki konn kaze brize a te vin monte kont ou. Mete sòlda nan fò a, veye chemen an; fòtifye dèyè do ou, ranmase tout kouraj ou.✡ Jr 51:20-23
2 Paske SENYÈ a va restore tout ✡ És 60:15 glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te ✡ Sòm 80:12,13rache branch rezen li yo.
3 Boukliye a mesye pwisan li yo vin wouj; gèrye yo vin abiye an ✡ Éz 23:14,15 kramwazi, cha yo klere an asye lè l prèt pou derape e lans an bwa pichpen yo vin parèt. 4 ✡ És 66:15 Cha yo kouri fou nan lari, yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray. 5 Li rele ✡ Na 3:18gèye pi chwa li yo; yo ✡ Jr 46:12 manke tonbe nan fè defile yo, yo prese rive nan miray la gwo tou kote syèj defans la fin prepare. 6 Pòtay rivyè yo ouvri e palè a fin kraze nèt. 7 Bagay la fin fèt; fi Jérusalem nan vin toutouni, li fin pote ale nèt; sèvant li yo ap plenyen ak vwa toutrèl, yo ap ✡ És 32:12 bat lestonmak yo. 8 Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale; “Rete, Rete”! Men ✡ Jr 46:5 pèsòn pa gade dèyè. 9 Pran piyaj ajan! Pran piyaj ✡ Rev 18:12,16 lò! Paske gen trezò san limit——gen valè nan tout bagay presye yo. 10 Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. ✡ Sòm 22:14 Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a e ✡ Jl 2:6Figi yo vin blèm! 11 Kote fòs lyon yo ye, ki kote ke tout jenn lyon yo manje, ki kote lyon an, manman lyon an ak ti lyon an te konn mache, okenn nan yo pa t konn fè yo pè? 12 Lyon an te kon chire viktim yo an mòso ase pou ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo, li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak kòbo. 13 “Gade byen ✡ Jr 21:13 Mwen vin kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen; nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn twouve yo e vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”