6
1 Alò, mwen te leve zye m ankò pou m te gade e vwala ✡ Dan 7:3 te gen kat cha ki t ap soti antre de mòn; epi mòn yo se te mòn ki fèt an bwonz. 2 Nan premye cha a, te gen ✡ Za 1:8 cheval wouj; epi ak dezyèm cha a, cheval nwa; 3 Nan twazyèm cha a ✡ Rev 6:2 cheval blan; epi nan katriyèm cha a, cheval takte wouj ki dyanm. 4 Epi mwen te pale e te di a zanj ki t ap pale avè m nan: ✡ Za 1:9 “Kisa sa yo ye, mèt mwen?”
5 Zanj lan te reponn mwen e te di: “Sa yo se ✡ Jr 49:36 kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a. 6 Cha kote cheval nwa yo ye a ap prale nan ✡ Jr 1:14,15peyi nò a; epi blan yo prale dèyè yo, pandan takte yo ap prale nan ✡ És 43:6 peyi sid la.” 7 Epi cheval ki dyanm yo te ale, yo te anvi sòti fè ✡ Za 1:10 patwouj sou latè.
8 Answit, li te kriye fò a mwen menm e te pale pou te di m: “Gade byen, yo se sila k ap prale vè peyi nò a e yo te ✡ Éz 5:13 apeze chalè kòlè Mwen nan peyi nò a.”
9 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: ✡ Za 1:1 10 ✡ Esd 7:14-16 “Pran yon ofrann soti nan egzile yo, soti nan Heldaï, Tobija, ak Jedaeja; epi ale nan menm jou a e antre lakay Josias, fis a Sophonie an, kote yo soti Babylone nan. 11 Pran ajan ak lò; fè yon ✡ II Sam 12:30 kouwòn byen bèl e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la. 12 Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele ✡ És 4:2 Scion an; Li va grandi soti kote Li ye a e Li va bati tanp SENYÈ a. 13 Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a e Li ki va ✡ És 9:6pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon ✡ Sòm 110:1,4 prèt ki chita sou twòn Li e konseye lapè a va antre de fonksyon sa yo.’ ” 14 Alò ✡ Za 6:11 kouwòn nan va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.
15 ✡ És 56:6-8 Epi sila ki lwen yo va vin bati tanp SENYÈ a.” Konsa ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen vè nou. Sa va vin rive si nou obeyi nèt SENYÈ a, Bondye nou an.