126
Yon chan pou monte vè tanp lan
1 Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,
Nou te ✡ Trav 12:9tankou sila ki fè rèv yo.
2 Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e
lang nou avèk kri lajwa;
Epi yo te di pami nasyon yo:
“SENYÈ a ✡ I Sam 12:24te fè gwo bagay pou yo.”
3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou;
Nou ✡ És 25:9kontan.
4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,
Kon ✡ És 35:6rivyè nan sid yo.
5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo
Va rekòlte avèk ✡ És 35:10gwo kri lajwa.
6 Sila ki fè ale retou ap kriye a, nan pote
makout semans lan,
Anverite, va retounen ankò ak kri lajwa e
pote pakèt rekòlt li yo avè l.