10
Job 7:16“Mwen rayi pwòp lavi m;
mwen va fè tout fòs Job 7:11plent mwen yo parèt.
Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
Mwen va di a Bondye: Job 9:29‘Pa kondane mwen!
Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.
Èske se vrèman bon pou Ou ta Job 9:22-24oprime;
pou meprize zèv men Ou yo
e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa I Sam 16:7èske Ou wè
kon yon nonm wè?
Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl,
oswa Job 36:26ane Ou yo tankou ane a yon nonm,
pou Job 14:16Ou ta dwe chache koupabilite mwen
e fè rechèch dèyè peche m?
Malgre Ou konnen mwen pa koupab,
sepandan, Job 9:12nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’ ”
 
“Se Sòm 119:73men Ou ki te fòme mwen nèt.
Konsa, Job 9:22èske Ou ta detwi mwen?
Sonje, souple, ke Ou te fè m Job 4:19kon ajil.
Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?
10 Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen
e fè m kaye tankou fwomaj?
11 Ou te abiye mwen ak po avèk chè
e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.
12 Ou te Job 33:4ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou.
Se swen Ou ki te konsève lespri m.
13 Malgre Job 23:13bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou.
Mwen konnen ke sa a se avèk ou:
14 si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen.
Ou Job 7:21pa ta akite m de koupabilite mwen.
15 Si mwen mechan, malè a mwen!
Epi Job 6:29si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen.
Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.
16 Si tèt mwen ta vin leve wo, És 38:13Ou ta fè lachas
dèyè m tankou yon lyon;
epi ankò, Ou ta montre Job 5:9pouvwa Ou kont mwen.
17 Ou renouvle Rt 1:21temwayaj Ou kont mwen,
e ogmante kòlè Ou vè mwen.
Dezas monte anwo dezas sou mwen.”
 
18 “Alò, Job 3:11-13poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m?
Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!
19 Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste,
kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.
20 Èske jou m yo pa kout?
Rete!
Ralanti sou mwen pou m kab jwenn
yon ti kras kè kontan,
21 avan ke m ale— Sòm 88:12pou mwen pa tounen
nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
22 Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la,
nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”

10:1 Job 7:16

10:1 Job 7:11

10:2 Job 9:29

10:3 Job 9:22-24

10:4 I Sam 16:7

10:5 Job 36:26

10:6 Job 14:16

10:7 Job 9:12

10:8 Sòm 119:73

10:8 Job 9:22

10:9 Job 4:19

10:12 Job 33:4

10:13 Job 23:13

10:14 Job 7:21

10:15 Job 6:29

10:16 És 38:13

10:16 Job 5:9

10:17 Rt 1:21

10:18 Job 3:11-13

10:21 Sòm 88:12