Habacuc
1
1 ✡ És 13:1 Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè a. 2 ✡ Sòm 13:1,2Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou ✡ Jr 14:9 pa delivre. 3 Poukisa Ou fè m wè inikite e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se ✡ Jr 20:8destriksyon ak vyolans ki devan mwen; ✡ Jr 15:10 gwo konfli ak kont k ap leve toupatou. 4 Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.✡ Sòm 58:1,2; És 5:20
5 “Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l. 6 Paske, gade byen, Mwen ap ✡ II Wa 24:2leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a k ap mache sou tout tè a pou ✡ Jr 8:10 sezi kote ki pa pou yo. 7 Yo plen tout moun ak gwo ✡ És 18:2,7laperèz; ak lakrent. ✡ Jr 39:5-9 Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm. 8 ✡ Jr 4:13Cheval yo pi vit ke leyopa e pi vijilan ke ✡ So 3:3 lou nan lannwit. Chevalye yo vin galope; chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore. 9 Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo ✡ II Wa 12:17 se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab. 10 Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten, paske yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo. 11 Tankou ✡ Jr 2:3 van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman ✡ Jr 4:11koupab; sila ki mete fòs yo nan dye pa yo a.”
12 Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te chwazi yo pou pase jijman an; epi Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pini. 13 Zye Ou twò pafè pou gade mal e Ou pa ka wè mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?✡ Sòm 50:21; Sòm 35:25 14 Poukisa Ou fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè e ki pa gen gouvènè sou yo? 15 Pou Kaldeyen yo, ✡ Jr 16:16 rale yo fè yo tout monte ak yon zen; ✡ Sòm 10:9rale pote yo ale ak pèlen e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa yo rejwi e yo fè kè kontan. 16 Akoz sa, yo ofri yon sakrifis nan filè yo a e yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, rekòlt yo vin gwo e manje yo vin anpil. 17 Èske se konsa y ap kontinye vide filè yo e kontinye ✡ És 14:5,6 detwi nasyon yo san mizerikòd?