18
Elas! O peyi a zèl k ap fè gwo bri krikèt volan yo, ki rete lòtbò rivyè a II Wa 19:19Ethiopie yo. Nou voye reprezantan yo bò lanmè a, menm sou veso fèt ak fèy papiris ki kouri sou sifas dlo. Ale, mesaje rapid yo, vè yon nasyon És 18:7 wo e swa, vè yon pèp ke tout moun pè, ni sa ki pre ni sa ki lwen, vè yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a! Nou tout, abitan mond lan ak sila ki rete sou latè yo, depi drapo a leve sou mòn yo, És 26:11nou va wè l, e depi twonpèt la sone, n ap tande l.
Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen: “Mwen va gade soti nan És 26:21kote ke M rete byen kalm la. Mwen va tankou gwo chalè nan plen solèy, tankou yon nwaj lawouze nan chalè rekòlt la.” Paske És 17:10-11avan rekòlt la, la menm boujon yo ak flè a devni rezen ki mi; alò, Li va koupe retire nan bwa rezen ak yon sèpèt. Li va koupe retire branch k ap gaye yo. Yo va lese atè ansanm pou És 46:11zwazo mòn ki manje chè yo; pou bèt latè yo. Zwazo ki manje chè yo va pase tout gran sezon an nan manje yo, e tout bèt latè yo va manje yo nan sezon livè. Nan lè sa a, yon kado omaj ki sòti nan yon Sòm 68:31pèp wo e swa va pote bay SENYÈ dèzame yo. Li va soti menm nan yon pèp ki inspire lakrent a sila ki pre, ak sila ki lwen yo; yon nasyon pwisan ki fè kalkil, ki oprime tout moun, yon peyi ke rivyè yo divize a. L ap rive nan plas ki pote non SENYÈ dèzame yo, menm Mòn Sion an.

18:1 II Wa 19:19

18:2 És 18:7

18:3 És 26:11

18:4 És 26:21

18:5 És 17:10-11

18:6 És 46:11

18:7 Sòm 68:31