108
Yon chan. Yon Sòm David
Sòm 57:7-11Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.
Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
Fè leve ap avèk lir!
Mwen va fè leve solèy la!
Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.
Paske lanmou dous Ou a gran Sòm 113:4pase syèl yo,
e verite Ou rive jis nan syèl yo.
Sòm 57:5Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.
Sòm 60:5-12Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre.
Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!
Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo,
Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.
Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M.
Ephraïm se kas sou tèt Mwen.
Jen 49:10Juda se baton wayal Mwen.
Moab se basen lesiv Mwen.
Sou Edom, Mwen va jete soulye M.
Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”
10 Se Sòm 60:9kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a?
Kilès ki va mennen M Edom?
11 Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te Sòm 44:9rejte nou an?
Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
12 O bannou sekou kont advèsè a,
paske delivrans a lòm se anven.
13 Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan.
És 60:12Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.

108:1 Sòm 57:7-11

108:4 Sòm 113:4

108:5 Sòm 57:5

108:6 Sòm 60:5-12

108:8 Jen 49:10

108:10 Sòm 60:9

108:11 Sòm 44:9

108:13 És 60:12