20
1 Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen ✡ Rev 1:18kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.
2 Epi li te pran ✡ Jen 3:1dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la e Satan, e li te mare li pou mil ane, 3 Epi li te jete li nan labim, li te fèmen li e te ✡ Dan 6:17mete so li sou li, pou li te kab pa twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo vin fini; apre bagay sa yo, li dwe vin lage pou yon ti tan.
4 Answit mwen te wè ✡ Dan 7:9twòn yo, ✡ Mat 19:28yo te vin chita sou yo, e jijman te vin bay a yo menm.
Epi mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo e akoz pawòl Bondye a, sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo; epi yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.
5 Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. ✡ Luc 14:14Sa se premye rezirèksyon an. 6 ✡ Rev 14:13Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an; sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa; men yo va touprè a Bondye e a Kris, e Li va renye avèk yo pandan mil ane.
7 Lè mil ane yo vin fini, Satan va ✡ Rev 20:2lage soti nan prizon li an, 8 epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, ✡ Éz 38:2Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a; an kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè. 9 Epi yo te ✡ Rev 17:1vini sou gwo plèn tè a, antoure kan a sen yo ak vil byeneme a, e ✡ Rev 19:7dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.
10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan ✡ Rev 19:20lak dife ak souf la, kote ✡ Rev 16:13bèt la ak fo pwofèt la ye tou; epi yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.
11 Epi mwen te wè yon gwo twòn blan, e Sila ki te chita sou li a, nan prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale e ✡ Dan 2:35pa t touve plas pou yo.
12 Epi mwen te wè mò yo, ✡ Rev 11:13gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan, e liv yo te vin ouvri; epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a; e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv pa yo. 13 Epi lanmè a te bay mò ki te ladann yo, e lanmò ak sejou lanmò yo te ✡ És 26:19bay mò ki te ladann yo, e yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se ✡ Rev 20:6dezyèm lanmò a, lak dife a.
15 Epi si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan ✡ Rev 3:5liv lavi a, li te jete nan lak dife a.