16
Konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan Rev 11:19tanp lan ki t ap di a sèt zanj yo: “Ale vide sèt gode kòlè Bondye yo sou tè a.”
Donk, premye zanj lan te ale vide gode li a sou tè a. Konsa, li te devni yon Egz 9:9-11maleng rayisab sou moun ki te pote mak a bèt la e ki te adore imaj li a.
Dezyèm zanj lan te vide gode li a Egz 7:17-21nan lanmè a, e li te devni san tankou san a yon moun mouri. Konsa, tout bagay vivan nan lanmè a te mouri.
Answit, twazyèm zanj lan te vide gode li a nan Rev 8:10rivyè ak sous dlo yo, e yo te tounen san. Mwen te tande zanj a dlo yo k ap di: “ Jn 17:25Jis se Ou menm Rev 11:17ki la e ki te la a, O Sila Ki Sen an, paske Ou te jije bagay sa yo. Paske sila yo te vèse Rev 17:6san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”
Konsa, mwen te tande lotèl la ki t ap di: “Wi, O Bondye Senyè, Sila Ki Toupwisan an, Rev 15:3vrè e jis se jijman Ou yo.”
Katriyèm zanj lan te vide gode li a sou Rev 6:12solèy la, epi li te bay a li menm pou chode moun avèk dife. Moun yo te chode avèk yon chalè. Konsa, yo te Rev 16:11,21blasfeme non Bondye ki gen pouvwa sou fleyo sa yo, men yo pa t repanti pou ta ba Li glwa.
10 Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou Rev 13:2twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a. 11 Yo te blasfeme Bondye syèl la, akoz de doulè ak Rev 16:2maleng yo. Malgre sa a, yo pa t repanti de zèv yo.
12 Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou Rev 9:14gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa Rev 7:2ki sòti nan lès yo.
13 Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa Rev 18:2lespri sal tankou Egz 8:6krapo. 14 Se te I Tim 4:1lespri a demon yo, ki Rev 13:13t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.
15  “Gade byen, Mat 24:43Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”
16 Konsa, yo te Rev 19:19rasanble ansanm kote ki, an Ebre, yo rele Za 4:11Harmaguédon an.
17 Answit, setyèm zanj lan te vide gode li anlè. Yon gwo vwa te sòti nan tanp lan bò kote twòn nan. Li te di: Rev 10:6“Sa fin fèt.”
18 Te gen kout Rev 4:5eklè, gwo bri ak gwo kout tonnè. Konsa te fèt yon gwo tranbleman detè, tankou pa t janm genyen depi lòm te vini sou latè, tèlman tranbleman detè a te gran e pwisan.
19 Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Rev 14:8Babylone le gran te Rev 18:5sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li a.
20  Rev 6:14Tout lil yo te sove ale, e mòn yo pa t kab twouve.
21 Gwo bòl lagrèl chak te peze anviwon san liv, te desann sòti nan syèl la tonbe sou moun. Pou sa a, moun te blasfeme Bondye akoz de Egz 9:18-25fleyo lagrèl la, paske fleyo li a te ekstrèmman grav.

16:1 Rev 11:19

16:2 Egz 9:9-11

16:3 Egz 7:17-21

16:4 Rev 8:10

16:5 Jn 17:25

16:5 Rev 11:17

16:6 Rev 17:6

16:7 Rev 15:3

16:8 Rev 6:12

16:9 Rev 16:11,21

16:10 Rev 13:2

16:11 Rev 16:2

16:12 Rev 9:14

16:12 Rev 7:2

16:13 Rev 18:2

16:13 Egz 8:6

16:14 I Tim 4:1

16:14 Rev 13:13

16:15 Mat 24:43

16:16 Rev 19:19

16:16 Za 4:11

16:17 Rev 10:6

16:18 Rev 4:5

16:19 Rev 14:8

16:19 Rev 18:5

16:20 Rev 6:14

16:21 Egz 9:18-25