8
Lè Jèn Mouton an te ouvri Rev 5:1setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.
Epi mwen te wè Rev 8:6-13sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.
Yon lòt zanj te vin kanpe devan Rev 6:9lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil Rev 5:8lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan. Konsa, Sòm 14:1,2lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.
Zanj lan te pran lansanswa a, li Lev 16:12plen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo Egz 19:16kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè. Rev 8:2Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.
Premye a te sone, epi te vin parèt Egz 9:23lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.
Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan Egz 7:17lanmè a te tounen san. Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan És 2:16bato yo te detwi.
10 Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te És 14:12tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak Rev 14:7sous dlo yo. 11 Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin Jr 9:15anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.
12 Katriyèm zanj lan te sone, epi yon Egz 10:21tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.
13 Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan Rev 14:6mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a Rev 3:10sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”

8:1 Rev 5:1

8:2 Rev 8:6-13

8:3 Rev 6:9

8:3 Rev 5:8

8:4 Sòm 14:1,2

8:5 Lev 16:12

8:5 Egz 19:16

8:6 Rev 8:2

8:7 Egz 9:23

8:8 Egz 7:17

8:9 És 2:16

8:10 És 14:12

8:10 Rev 14:7

8:11 Jr 9:15

8:12 Egz 10:21

8:13 Rev 14:6

8:13 Rev 3:10