10
1 Mwen te wè yon lòt zanj fò ki t ap vini sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj; e ✡ Rev 4:3lakansyèl la te sou tèt li. ✡ Rev 17:2Figi li te tankou solèy la, e pye li te tankou kolòn dife.
2 Li te gen nan men l, yon ✡ Rev 5:1ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a. 3 Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, ✡ És 3:14tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.
4 Lè sèt kout tonnè yo te fin pale, ✡ Rev 1:11-19mwen te prè pou ekri, e mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a e pa ekri yo.”
5 Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, ✡ Det 32:40te leve men dwat li vè syèl la, 6 e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. ✡ Egz 20:11Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, pou nanpwen reta ankò, 7 men nan jou vwa ✡ Rev 11:15setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, ✡ Am 3:7mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.
8 ✡ Rev 10:4Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, m te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki ✡ Rev 10:2kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
9 Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: ✡ Jr 15:16“Pran l, e manje l; l ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”
10 Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, mwen te manje l, e nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl; epi lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.
11 Epi yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan ✡ Rev 5:9anpil pèp, nasyon, lang, ak ✡ Rev 17:10,12wa.”