22
Answit, li te montre m yon Sòm 46:4rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te Jen 2:9pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
Za 14:11P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladann l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. Yo va Sòm 42:2wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni És 60:19limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
Konsa, Li te di mwen: Rev 19:9“Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.
“Gade byen, Mwen ap vini vit. Rev 1:3Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”
Alò, Rev 1:1Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, Rev 19:10mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.
Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de Rev 1:11liv sa a. Olye sa, adore Bondye.” 10 Epi li te di mwen: Dan 8:26“Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch. 11  Éz 3:27Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.
12  “Gade byen, Mwen ap vini vit! És 40:10Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè. 13  Mwen se Alfa a ak Omega a, És 44:6premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
14  Beni se sila ki Rev 7:14lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa Rev 21:27pòtay yo, antre nan vil la.
15  Mat 8:12Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
16  “Mwen, Jésus, te voye Rev 1:1zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”
17  Rev 2:7Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.
18 Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun Det 4:2ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a. 19 Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an Rev 21:10—22:5ki ekri nan liv sila a.
20 Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Rev 22:7Mwen ap vini vit.”
Amen. Vini, Senyè Jésus.
21  Wo 16:20Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.

22:1 Sòm 46:4

22:2 Jen 2:9

22:3 Za 14:11

22:4 Sòm 42:2

22:5 És 60:19

22:6 Rev 19:9

22:7 Rev 1:3

22:8 Rev 1:1

22:8 Rev 19:10

22:9 Rev 1:11

22:10 Dan 8:26

22:11 Éz 3:27

22:12 És 40:10

22:13 És 44:6

22:14 Rev 7:14

22:14 Rev 21:27

22:15 Mat 8:12

22:16 Rev 1:1

22:17 Rev 2:7

22:18 Det 4:2

22:19 Rev 21:1022:5

22:20 Rev 22:7

22:21 Wo 16:20