18
Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Jij 21:19Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo. Te rete pami fis Israël yo sèt tribi ki potko divize eritaj yo. Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Konbyen de tan nou va mete ankò pou nou pa antre pran posesyon peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou an? Bay a tèt nou twa mesye ki sòti nan chak tribi, pou m kapab voye yo e pou yo kab mache nan peyi a, pou ekri yon plan detaye a yo menm selon pwòp eritaj pa yo; epi yo va retounen bò kote mwen. Yo va divize li an sèt pòsyon; Jos 15:1Juda va rete nan teritwa pa li nan sid e lakay Joseph la va rete nan teritwa pa yo nan nò. Nou va fè apantaj peyi a an sèt pòsyon e mennen li ban mwen. Jos 14:2Mwen va tire yo osò pou nou isit la devan SENYÈ a, Bondye nou an. Paske Nonb 18:7-20Levit yo pa gen pòsyon pami nou, akoz pozisyon prèt SENYÈ a se eritaj pa yo. Gad avèk Ruben avèk mwatye tribi Manassé a, osi, te resevwa eritaj vè lès, lòtbò Jourdain an, ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te ba yo.”
Konsa, mesye yo te leve ale. Josué te kòmande sila ki te ale yo: “Ale mache nan teren an, e founi yon plan apantaj detaye de li e retounen kote mwen. Alò, mwen va tire li osò pou nou soti isit la nan Silo.”
Konsa, mesye yo te sòti e te pase nan peyi a, yo te fè plan apantaj detaye a. Yo te ekri yon deskripsyon selon vil li yo, sèt divizyon yo nan yon liv. Konsa, yo te retounen vè Josué nan kan an Silo. 10 Epi Nonb 34:16-29Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.
11 Alò, tiraj osò a pou tribi Benjamin an te monte selon fanmi pa yo e teritwa osò pa yo a te poze antre fis a Juda yo ak fis a Joseph yo. 12  Jos 16:1Lizyè pa yo nan kote nò a te soti nan Jourdain an, lizyè a te monte bò kote Jéricho nan nò, li te pase nan peyi ti kolin yo vè lwès e li te fè bout li nan dezè a Beth-Aven an. 13 Soti la, lizyè a te kouri vè Jen 28:19Luz nan kote sid a Luz (ki se Béthel) vè sid; epi lizyè a te desann vè Athroth-Addar, toupre ti mòn ki sou kote sid a Ba Beth-Horon an. 14 Lizyè a te lonje rive e te vire won sou kote lwès la vè sid; soti nan ti mòn ki parèt devan Beth-Horon vè sid; epi li te fè bout li nan Kirjath-Baal (sa vle di Kirjath-Jearim), yon vil a fis a Juda yo. Sa se te kote lwès la. 15 Epi kote Jos 15:5-9sid la te soti akote a Kirjath-Jearim e lizyè a te ale vè lwès pou te rive nan fontèn dlo Nephthoach yo. 16 Lizyè a te kouri desann rive akote ti mòn ki nan II Wa 23:10vale Ben-Hinnom, ki nan vale Rephaïm nan vè nò. Epi li te ale desann a vale Hinnom an, nan pant Jebizyen vè sid e te desann jis nan En-Roguel. 17 Li te lonje vè nò e te rive nan En-Schémesch ak nan Gueliloth, ki anfas pant Adummim nan. Epi li te desann nan Jos 15:6wòch Bohan an, fis a Ruben an. 18 Li te kontinye akote pa devan Araba a vè nò e te desann rive nan Araba. 19 Lizyè a te kontinye vè akote Beth-Hogla vè nò; epi lizyè a te fè bout li nan dlo nò a Lamè Sale a, nan pwent sid a Rivyè Jourdain an. Sa se te lizyè sid la. 20 Anplis, Jourdain an te lizyè li nan kote lès. Sa se te eritaj a fis Benjamin yo, selon fanmi pa yo ak selon lizyè li yo toupatou. 21 Alò, vil pou tribi a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo se te Jéricho, Beth-Hogla, Émek-Ketsits, 22 Beth-Araba, Tsemaraïm, Béthel, 23 Avvim, Para, Ophra, 24 Kephar-Ammonaï, Ophni, epi Guéba; douz vil yo, avèk bouk pa yo. 25 Gabaon, Rama, Beéroth, 26 Mitspé, Kephira, Motsa, 27 Rékem, Jirpeel, Thareala, 28 Tséla, II Sam 21:14Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo.

18:1 Jij 21:19

18:5 Jos 15:1

18:6 Jos 14:2

18:7 Nonb 18:7-20

18:10 Nonb 34:16-29

18:12 Jos 16:1

18:13 Jen 28:19

18:15 Jos 15:5-9

18:16 II Wa 23:10

18:17 Jos 15:6

18:28 II Sam 21:14