21
Alò, mesye Israël yo Jij 21:7-18te deja sèmante nan Mitspa. Yo te di: “Pa gen nan nou menm k ap bay fi li a Benjamin nan maryaj.” Jij 20:26Konsa, pèp la te vini Béthel e yo te chita la devan Bondye jis rive nan aswè, epi yo te leve vwa yo e te kriye amè. Yo te di: “Poukisa, O SENYÈ, Bondye Israël la, èske bagay sa a vin rive an Israël pou youn nan tribi yo jodi a ta vin disparèt an Israël?” Li te vin rive nan pwochen jou an ke pèp la te leve bonè. Yo te bati Det 12:5yon lotèl e yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè. Konsa, fis Israël yo te di: “Kilès ki pami tout tribi Israël yo ki pa t monte nan asanble SENYÈ a?” Paske, yo te fè yon gran ve pou sila Jij 5:23ki pa monte vè SENYÈ a nan Mitspa, epi yo te di: “Li va vrèman vin mete a lanmò.” Fis Israël yo te tris; yo te plen regrè pou Benjamin, frè parèy yo a, e yo te di: “Yon tribi vin koupe nèt sou Israël jodi a. Kisa nou ap fè pou twouve madanm pou sila ki rete yo, akoz nou te Jij 21:1sèmante pa SENYÈ a pou nou pa bay okenn nan fi pa nou yo nan maryaj?” Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a. Paske, lè pèp la te konte, gade byen, pèsòn nan sila ki rete Jabès-Galaad yo pa t la. 10 Konsa, kongregasyon an te voye douz-mil gèrye vanyan rive la e yo te pase lòd di yo konsa: Nonb 31:17“Ale frape sila ki rete Jabès-Galaad yo avèk lam nepe, ni fanm yo ak pitit yo. 11 Men kisa ou va fè, ou Nonb 31:17va detwi nèt tout gason ak tout fanm ki gen tan kouche avèk yon gason.” 12 Epi yo te jwenn pami moun Jabès-Galaad yo, kat-san jèn vyèj ki pa t konnen yon gason kouche avèk li. Konsa, yo te mennen yo nan kan an Silo ki nan peyi Kananeyen yo. 13 Epi tout kongregasyon an te voye pale avèk fis Benjamin ki te nan wòch Rimmon yo e te deklare lapè pou yo. Jij 20:47; Det 20:10 14 Nan lè sa a, Benjamin te retounen e yo te bay yo kat-san fi ke yo te kenbe vivan soti Jabès-Galaad. Men, li poko te kont pou yo. 15 Konsa, pèp la te tris e te plen regrè pou fis Benjamin yo paske SENYÈ a te fè yon brèch nan tribi Israël yo. 16 Epi ansyen nan kongregasyon yo te vin di: “Kisa nou va fè pou sila ki rete toujou, kòmsi fanm nan Benjamin yo detwi?” 17 Yo te di: “Fòk gen eritaj pou retay Benjamin an, jis pou tribi a pa efase nèt sou Israël. 18 Alò, nou pa kab ba yo madanm pami fi nou yo.” Paske fis Israël yo te sèmante e yo te di: Jij 21:1“Modi se sila ki bay yon madanm a Benjamin.” 19 Konsa, yo te di: “Gade byen, gen yon fèt a SENYÈ a chak ane nan Jos 18:1Silo, ki nan kote nò a Béthel, sou lès a gran chemen ki monte soti Béthel pou rive Sichem nan, vè kote sid a Lebona.” 20 Pou sa a, yo te kòmande fis Benjamin yo konsa: “Ale kache tann nan chan rezen yo, 21 epi gade byen, veye, si fi a Silo yo sòti deyò pou patisipe nan dans lan, nou va sòti nan chan rezen yo, e nou chak va kouri kenbe madanm li pami fi a Silo yo e ale avè l nan peyi Benjamin? 22 Li va rive ke lè papa yo oswa frè yo vin plenyen a nou, ke nou va di yo: ‘Ba yo a nou avèk bòn volonte; paske nan batay la, nou pa t konsève yon fanm pou chak Benjamit, ni nou pa t founi youn pou yo, sinon koulye a menm, nou ta koupab.’ ” 23 Konsa fis a Benjamin yo te fè e te pran madanm selon fòs kantite yo pami sila ki te danse yo, pou yo te pote ale. Konsa, yo te ale retounen nan eritaj pa yo, e te Jij 20:48rebati vil pa yo pou te viv ladan yo. 24 Fis Israël yo te pati la nan lè sa a, chak òm ak pwòp tribi ak fanmi li, e yo chak te sòti la pou rive nan pwòp eritaj pa yo. 25  Jij 17:6Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Tout moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa yo.

21:1 Jij 21:7-18

21:2 Jij 20:26

21:4 Det 12:5

21:5 Jij 5:23

21:7 Jij 21:1

21:10 Nonb 31:17

21:11 Nonb 31:17

21:13 Jij 20:47; Det 20:10

21:18 Jij 21:1

21:19 Jos 18:1

21:23 Jij 20:48

21:25 Jij 17:6