42
Epi li te mennen mwen deyò nan lakou a, nan chemen vè nò a. Li te mennen m nan Éz 40:17chanm ki te anfas kote apa a, ak anfas konstriksyon an vè nò. Avèk longè a, ki te Éz 41:13san koude a, se te pòt nò a; lajè a te senkant koude. Anfas ven koude ki te pou lakou enteryè a, e anfas Éz 40:17pave ki te apatyen a lakou eksteryè a, se te galri ki te koresponn ak galeri sou twa etaj yo. Devan Éz 46:19chanm yo, se te yon machpye pa anndan de dis koude nan lajè, yon chemen de san koude nan longè, epi ouvèti pa yo te vè nò. Alò, chanm anlè yo te pi piti akoz Éz 42:3galri yo te pran plis espas sou yo ke sila nan baz ak mitan etaj nan konstriksyon yo. Paske se nan Éz 41:6twa etaj yo te ye e pa t gen pilye tankou pilye nan lakou yo. Akoz sa, chanm anlè yo te vin pi etwat ke mitan ak piba yo. Pou Éz 42:10-12miray eksteryè bò chanm yo, vè lakou deyò anfas chanm yo, longè li te senkant koude. Paske longè a chanm ki te nan lakou eksteryè yo te senkant koude. Epi gade byen, longè a sila anfas tanp yo te Éz 44:5san koude. Pi ba chanm sa yo, se te antre sou kote lès la, kote yon moun ka antre nan yo soti nan lakou eksteryè a.
10 Nan epesè miray la sou kote lès, anfas kote apa a e anfas konstriksyon an, te gen Éz 40:17chanm yo. 11  Éz 42:4Chemen devan yo a te sanble ak chanm ki te sou kote nò yo. Selon longè yo, konsa lajè yo te ye e tout kote pou antre sòti yo te menm selon aranjman ak ouvèti pa yo. 12 Nan koresponn a pòt chanm ki te vè sid yo, te gen yon pòt nan tèt chemen an, chemen devan Éz 42:7miray ki te vè lès la, kote yon moun ta antre ladan yo.
13 Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se Egz 29:31chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen. 14 Lè prèt yo antre, alò yo p ap sòti nan lakou eksteryè a lè yo kite sanktyè a san ke yo pa mete la vètman ak sila yo fè sèvis la, paske yo sen. Yo va mete lòt vètman sou yo; nan lè sa a, yo va pwoche sa ki pou pèp la.”
15 Alò, lè l te fin mezire kay enteryè a, li te mennen mwen deyò pa chemen Éz 40:6pòtay ki te bay fas vè lès la e te mezire li toupatou. 16 Li te mezire kote lès la ak baton mezi a, senk-san baton pa Éz 40:3mezi baton an. 17 Li te mezire kote nò a, senk-san baton pa mezi baton an. 18 Nan sid, li te mezire senk-san baton ak mezi baton an. 19 Li te vire kote lwès e li te mezire senk-san baton ak mezi baton an. 20 Li te mezire li nan kat kote yo. Li te gen yon És 60:18miray ki te antoure l nèt; longè ki te senk-san ak lajè ki te senk-san an, pou te divize antre sa ki sen ak sa ki pwofàn.

42:1 Éz 40:17

42:2 Éz 41:13

42:3 Éz 40:17

42:4 Éz 46:19

42:5 Éz 42:3

42:6 Éz 41:6

42:7 Éz 42:10-12

42:8 Éz 44:5

42:10 Éz 40:17

42:11 Éz 42:4

42:12 Éz 42:7

42:13 Egz 29:31

42:15 Éz 40:6

42:16 Éz 40:3

42:20 És 60:18