46
“ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pòtay pou lakou enteryè ki bay fas vè lès la va fèmen pandan sis Egz 20:9jou travay yo; men li va ouvri nan Saba a, e li va vin ouvri nan jou nouvèl lin nan. Éz 44:3Prens lan va antre pa chemen galri a, soti deyò pou kanpe akote poto pòtay la. Epi prèt yo va founi ofrann brile li yo ak ofrann lapè li yo, li va adore nan papòt pòtay la, e li va sòti. Men pòtay la p ap fèmen jis rive nan aswè. Luc 1:10Pèp peyi a osi va adore nan papòt pòtay la devan SENYÈ a, nan Saba yo, ak nouvèl lin yo. Ofrann brile ke prens lan va ofri a SENYÈ a nan jou Saba, a va Nonb 28:9sis jenn mouton san defo, ak yon belye san defo; epi ofrann Nonb 28:12sereyal la va yon efa ak belye a, ofrann sereyal la ak jenn mouton yo, va kantite ke li kapab bay la e yon mezi lwil ak yon efa. Nan jou nouvèl Éz 46:1lin nan, li va ofri yon jenn towo san defo; anplis, sis jenn mouton ak yon belye ki san defo. Epi li va founi yon ofrann sereyal, yon efa ak towo a, yon efa ak belye a, ak jenn mouton yo, kantite ke li kapab bay la, yon mezi lwil ak yon efa. Éz 44:3prens lan antre, li va antre pa galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”
“ ‘ “Men lè pèp peyi a vini Egz 34:23devan SENYÈ la nan fèt chwazi yo, sila ki antre pa pòtay nò pou adore a, va sòti pa pòtay sid la. Epi sila ki antre pa pòtay sid la, va sòti pa pòtay nò a. Pèsòn pa pou retounen pa menm chemen ke li te antre a, men li va sòti tou dwat. 10 Lè yo antre, prens lan va antre II Sam 6:14-15pami yo; epi lè yo sòti, li va sòti.”
11 “ ‘ “Nan Éz 45:17fèt ak jou fèt chwazi yo, ofrann sereyal yo va yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, ak jenn mouton yo, kantite ke l ap kapab bay la, yon mezi lwil ak yon efa. 12 Lè prens lan founi yon Lev 23:38ofrann bòn volonte, yon ofrann brile, oswa ofrann lapè kon ofrann bòn volonte a SENYÈ la, pòtay vè lès la va vin ouvri pou li. Epi li va founi ofrann brile pa li a, ak ofrann lapè li a, jan li konn fè nan jou Saba a. Epi li va sòti e pòtay la va vin fèmen lè li fin sòti.
13 “ ‘ “Epi ou va founi yon Nonb 28:3-5mouton yon lane, san defo pou yon ofrann brile a SENYÈ a chak jou; chak maten, ou va founi li. 14 Anplis, ou va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, yon sizyèm efa ak yon tyè mezi lwil pou mouye farin fen an, yon ofrann sereyal a SENYÈ a tout tan selon yon òdonans ki p ap janm fini oubyen chanje. 15 Konsa, yo va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, kon yon Egz 29:42ofrann brile ki va fèt tout tan.”
16 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Si prens lan bay yon II Kwo 21:3don eritaj a nenpòt nan fis li yo, li va apatyen a fis li yo; se posesyon pa yo selon règleman eritaj la. 17 Men si li bay yon don nan eritaj li a youn nan sèvitè li yo, sa va pou li jis rive nan Lev 25:10ane libète a; epi li va retounen a prens lan. Eritaj li va sèl pou fis li yo; li va apatyen a yo menm. 18 Prens lan pa pou pran nan eritaj a pèp la e mete yo deyò nan pwòp posesyon pa yo. Li va bay fis li yo yon eritaj k ap sòti nan pwòp posesyon pa li, pou pèp Mwen an pa vin divize, okenn moun, de posesyon pa li a.” ’ ”
19 Epi li te mennen m pase nan Éz 42:9antre akote pòtay la, antre anndan chanm sen pou prèt yo, ki te bay fas vè nò. Epi gade byen, te gen yo plas pa dèyè nèt vè lwès. 20 Li te di mwen: “Sa se plas kote prèt yo va bouyi II Kwo 35:13ofrann koupab ak ofrann peche a ak kote yo va kwit ofrann sereyal la, pou yo pa oblije mennen yo deyò nan lakou eksteryè a, pou l ta transmèt sentete a pèp la.”
21 Konsa, li te mennen m deyò nan lakou eksteryè a, e te mennen m travèse kat kwen lakou a; epi gade byen; nan chak kwen lakou a, te gen yon ti lakou. 22 Nan kat kwen lakou a, te gen ti lakou fèmen karant koude nan longè e trant koude nan lajè, yo tout te nan menm mezi. 23 Te gen yon miray ki te antoure yo, antoure yo toule kat, e pozisyon pou bouyi yo a te fèt toutozanviwon anba mi yo. 24 Epi li te di m: “Sila yo se plas bouyi kote sèvitè kay yo va bouyi sakrifis a pèp yo.”

46:1 Egz 20:9

46:2 Éz 44:3

46:3 Luc 1:10

46:4 Nonb 28:9

46:5 Nonb 28:12

46:6 Éz 46:1

46:8 Éz 44:3

46:9 Egz 34:23

46:10 II Sam 6:14-15

46:11 Éz 45:17

46:12 Lev 23:38

46:13 Nonb 28:3-5

46:15 Egz 29:42

46:16 II Kwo 21:3

46:17 Lev 25:10

46:19 Éz 42:9

46:20 II Kwo 35:13