7
Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo Jl 1:4 rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, jaden prentan an te gen gwo rekòlt apre wa a te koupe zèb la. Epi li te vin rive lè li te Egz 10:15fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe, li tèlman És 37:4 piti?”
SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di. És 13:10; Det 32:36
Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou afwonte yo ak Det 32:22 dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a e te kòmanse devore tèren ki te kiltive a. Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! Am 7:2 Kòman Jacob ka kanpe, li tèlman piti?”
SENYÈ a te Sòm 106:45 repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.
Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L. SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?”
Epi mwen te di: “Yon filaplon.”
Epi Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon II Wa 21:13filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap Jr 15:6 kite yo chape ankò. Jen 46:1Wo plas Isaac yo va vin abandone e Lev 26:31 sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”
10 Epi Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la e te di: “Amos te Jr 26:8-11 fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la; peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo. 11 Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’ ”
12 Epi Amatsia te di a Amos: Mat 8:34 “Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda, manje pen e pwofetize la! 13 Men Am 2:12poko pwofetize Béthel, paske se yon I Wa 12:29,32 sanktyè ak rezidans la a wa a!”
14 Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa yon pwofèt, ni mwen pa fis a yon pwofèt; paske mwen se yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig. I Wa 20:35 15 Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale Jr 1:7 pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’ 16 Kounye a, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël Det 32:2 ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’ 17 Akoz sa, SENYÈ a di: Os 4:13,14‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, Jr 14:16 fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri sou tè ki pa pwòp la. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’ ”

7:1 Jl 1:4

7:2 Egz 10:15

7:2 És 37:4

7:3 És 13:10; Det 32:36

7:4 Det 32:22

7:5 Am 7:2

7:6 Sòm 106:45

7:8 II Wa 21:13

7:8 Jr 15:6

7:9 Jen 46:1

7:9 Lev 26:31

7:10 Jr 26:8-11

7:12 Mat 8:34

7:13 Am 2:12

7:13 I Wa 12:29,32

7:14 I Wa 20:35

7:15 Jr 1:7

7:16 Det 32:2

7:17 Os 4:13,14

7:17 Jr 14:16