8
1 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.
2 Li te di: “Kisa ou wè, Amos?”
Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.”
Epi SENYÈ a te di mwen:
✡ Éz 7:2,3,6“Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël.
Mwen p ap ✡ Am 7:8 pwoteje yo ankò.
3 Kantik a tanp la va vin tounen chan lamantasyon
nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a.
✡ Am 6:8-10“Kadav yo va anpil;
Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.
4 Tande sa, nou menm k ap ✡ Sòm 14:4foule malere yo,
pou mete fen a tout pòv yo,
5 Ka p di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini
pou nou ka vann sereyal la,
ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a,
pou fè efa a pi piti, sik la pi gwo e
pou ✡ Os 12:7 twonpe ak balans malonèt,
6 Pou l kapab ✡ Am 2:6achte sila ki san sekou a pou lajan,
malere a pou de grenn sapat e
pou nou ka vann pay ki sòti nan ble a?’ ”
7 SENYÈ a te sèmante pa glwa a Jacob la:
“Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak
8 Akoz sa, èske peyi a p ap ✡ Sòm 18:7 pran tranble e
tout moun ki rete ladann p ap ✡ Os 4:3 fè lamantasyon?
Anverite, tout peyi a va leve tankou rivyè nil lan,
li va vin ajite toupatou e bese tankou (rivyè) Nil
an Égypte la.
9 Sa va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè
BONDYE a,
ke Mwen va fè ✡ Job 5:14solèy la desann a midi,
e mwen va ✡ És 59:9,10 fè tè a nan fènwa nan plen jounen.
10 Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy e
tout chan lajwa nou yo vin tounen lamantasyon;
epi mwen va pote ✡ És 15:2,3 twal sak sou senti a tout moun
e Mwen va pote tèt chòv sou tout tèt.
Mwen va fè li ✡ Jr 6:26tankou yon moman dèy pou yon
sèl fis inik,
e a lafen, li va tankou yon jou anmè.
11 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè
BONDYE a,
“lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a,
pa yon grangou pou pen oswa pou dlo, men ✡ I Sam 3:1pou
koute pawòl a SENYÈ a.
12 Pèp la va kilbite tou egare sòti nan yon lanmè
pou rive nan lòt lanmè,
e sòti nan nò pou rive menm nan lès;
yo va gaye toupatou pou ✡ Éz 20:3,31chache pawòl SENYÈ a,
men yo p ap jwenn li.
13 Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo ak jennonm yo va
✡ És 41:17 vin endispoze akoz swaf la.
14 Menm jan pou sila ki sèmante pa ✡ Os 8:5 peche Samarie a
e ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O ✡ I Wa 12:28,29Dan!’
E ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’;
yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”