39
II Wa 20:12-19Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylon nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè. Ézéchias te II Kwo 32:25-31kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.
Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?”
Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon Det 28:49peyi lwen, Babylone.”
Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?”
Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.”
Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande I Sam 13:13-14pawòl SENYÈ dèzame yo, ‘Gade byen, jou yo ap vini lè II Wa 24:13tout sa ki lakay ou ak tout sa ke papa ou yo te mete nan depo, jis rive nan jodi a, va pote ale Babylone. Anyen p ap rete’, pale SENYÈ a. ‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va II Wa 24:10-16 pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylon nan.’ ”
Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ ke ou te pale a, bon.” Paske li te panse: “Ap gen lapè ak verite II Kwo 34:28nan jou mwen yo.”

39:1 II Wa 20:12-19

39:2 II Kwo 32:25-31

39:3 Det 28:49

39:5 I Sam 13:13-14

39:6 II Wa 24:13

39:7 II Wa 24:10-16

39:8 II Kwo 34:28