13
Saül te gen trant ane lè l te kòmanse renye, e li te renye pandan karann-de ane sou Israël.
Alò, Saül te chwazi pou li menm twa mil mesye an Israël. Pami sila yo, de-mil te avèk Saül nan I Sam 13:5Micmasch ak nan peyi ti mòn Béthel la, pandan mil te avèk Jonathan nan I Sam 10:25 Guibea pou Benjamin an. Men li te voye ale tout lòt moun yo, yo chak nan pwòp tant pa yo. Jonathan te frape I Sam 10:5post militè a Filisten ki te nan Guéba yo e Filisten yo te tande Koze sa a. Alò, Saül te soufle twonpèt la atravè tout peyi a, e li te di: “Kite Ebre yo tande.” Tout Israël te tande nouvèl ke Saül te frape post a Filisten yo, e osi ke Israël te Egz 5:21vin rayisab a Filisten yo. Konsa pèp la te resevwa lòd pou rasanble Guilgal. Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak Jos 11:4kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven. Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, Jij 6:2pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo. Anplis, kèk nan Ebre yo te travèse Jourdain an pou antre nan peyi Nonb 32:33Gad avèk Galaad. Men pou Saül, li te toujou Guilgal, e tout pèp la te swiv li avèk kò yo tou ap tranble. Alò I Sam 10:8li te tann pandan sèt jou, selon tan fikse pa Samuel la; men Samuel pa t vini Guilgal, e pèp la t ap gaye kite li. Konsa, Saül te di: “Mennen ban mwen ofrann brile avèk ofrann lapè.” Epi Det 12:5-14li te ofri ofrann brile yo.
10 Lè li te fin ofri ofrann brile yo, men vwala, Samuel te vini. Epi I Sam 15:13Saül te parèt deyò pou rankontre li e salye li. 11 Men Samuel te di: “Kisa ou te fè?”
Epi Saül te di: “Akoz mwen te wè ke pèp la t ap gaye kite m, ke ou pa t vini nan jou apwente a, e ke I Sam 13:2-23Filisten yo t ap rasanble nan Micmasch, 12 pou sa, mwen te di: ‘Alò Filisten yo va vin desann kont mwen Guilgal, epi mwen poko mande favè SENYÈ a.’ Pou sa, mwen te fòse mwen menm pou te ofri ofrann brile yo.”
13 Samuel te di a Saül: II Kwo 16:9“Ou te aji nan foli. I Sam 15:11-28Ou pa t kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande ou a. Paske SENYÈ a t ap vin etabli wayòm ou a sou Israël jis pou tout tan. 14 Men I Sam 15:28koulye a, wayòm ou an p ap dire. SENYÈ a te chache pou kont Li yon nonm selon pwòp kè li e SENYÈ a te chwazi li kòm chèf sou pèp Li a, akoz ou pa t kenbe sa ke SENYÈ a te kòmande ou a.”
15 Epi Samuel te leve monte soti Guilgal pou rive Guibea nan Benjamin. Saül te konte moun ki te prezan avè l yo, yo te I Sam 13:2-7anviwon sis-san mesye. 16 Alò Saül avèk fis li a, Jonathan avèk moun ki te prezan avèk yo te rete I Sam 13:2-3Guéba nan Benjamin pandan Filisten yo te fè kan Micmasch. 17 Epi ravajè yo te sòti nan kan Filisten yo an twa konpayi yo. Yon konpayi te vire nan sid vè Ophra vè peyi Schual. I Sam 14:15; Jos 18:23 18 Yon lòt konpayi te vire vè Jos 18:13-14Beth-Horon, e yon lòt konpayi te vire vè lizyè ki kouri anwo vale a nan Né 11:34Tseboïm vè dezè a. 19 Alò, Jij 5:8nanpwen bòs fòjewon ki ta kab twouve nan tout peyi Israël la, paske Filisten yo te di: “Otreman Ebre yo va fè nepe yo oswa frenn yo.” 20 Konsa, tout Israël te desann vè Filisten yo, yo chak pou file pwòp cha li, pikwa li, rach li, ak wou li. 21 Frè sèvis la te de tyè sik pou lam cha a, pou pikwa a, fochèt la, rach la e pou ranje wou yo. 22 Konsa sa te rive ke nan jou batay la ke Jij 5:8ni nepe, ni fwenn pa t twouve nan men a okenn nan moun ki te avèk Saül ak Jonathan yo. Men yo te twouve sèlman nan men Saül ak Jonathan.
23 Epi I Sam 14:1ekip post militè a Filisten yo te sòti rive nan pasaj Micmasch.

13:2 I Sam 13:5

13:2 I Sam 10:25

13:3 I Sam 10:5

13:4 Egz 5:21

13:5 Jos 11:4

13:6 Jij 6:2

13:7 Nonb 32:33

13:8 I Sam 10:8

13:9 Det 12:5-14

13:10 I Sam 15:13

13:11 I Sam 13:2-23

13:13 II Kwo 16:9

13:13 I Sam 15:11-28

13:14 I Sam 15:28

13:15 I Sam 13:2-7

13:16 I Sam 13:2-3

13:17 I Sam 14:15; Jos 18:23

13:18 Jos 18:13-14

13:18 Né 11:34

13:19 Jij 5:8

13:22 Jij 5:8

13:23 I Sam 14:1