47
Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan Jr 25:20Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.
Konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, dlo yo ap leve soti nan És 14:31
e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde
jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l,
menm vil a sila ki rete ladann.
Mesye yo va kriye fò,
e tout moun ladann va rele anmwey.
Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd,
zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo,
papa yo pa p retounen pran pitit yo,
men men yo va lage nèt ak sezisman.
Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo,
pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo;
paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo,
retay a kot Caphtor a.
Gaza vin chòv;
Jij 1:18Askalon te fin detwi nèt.
O retay vale yo!
Pandan konbyen de tan
nou va blese pwòp chè nou?
 
“ ‘Ah Jij 7:20nepe SENYÈ a!
Pandan konbyen de tan
ou va refize vin kalm?
Ralanti, rantre nan fouwo a;
repoze e rete trankil.’
 
“Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd?
Kont Ashkalon, kont kot lanmè a;
Se la, Li te Mi 6:9ranje pou l te fèt.”

47:1 Jr 25:20

47:2 És 14:31

47:5 Jij 1:18

47:6 Jij 7:20

47:7 Mi 6:9