14
Rt 4:11Fanm saj la bati kay li,
men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a;
men sila ki fè chemen Pwov 2:15 kwochi a meprize li.
Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li;
men Pwov 12:6lèv a saj yo va pwoteje yo.
Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp;
men se fòs a bèf la ki fè richès.
Yon Rev 1:5temwen fidèl p ap bay manti;
men yon fo temwen pale manti.
Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;
men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
Kite Pwov 23:9prezans a yon moun ensanse,
sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;
men I Kor 3:19betiz a moun ensanse a se desepsyon.
Moun ensanse kontwole peche kon jwèt;
men Pwov 3:34pami moun dwat yo, gen bòn volonte.
10 Kè a konnen pwòp I Sam 1:10 amètim ak bonè li;
men ak lòt, sa p ap pataje.
11  Job 8:15Lakay mechan yo va detwi;
men tant a moun dwat la va fleri.
12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;
men Wo 6:21fen li se chemen lanmò an.
13 Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè,
e Ekl 2:1-2lajwa kon fini nan tristès.
14 Kè a ki pa fidèl va Pwov 1:31jwen rekonpans pou pwòp chemen li;
men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
15 Moun san konprann kwè nan tout bagay;
men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.
16 Yon nonm saj fè atansyon pou l Job 28:28vire kite mal;
men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
17 Yon nonm kolerik aji nan foli,
e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo.
18 Moun san konprann yo gen foli kon eritaj;
men moun rezonab lan kouwone ak konesans.
19  I Sam 2:36Mal la va bese devan sa ki bon an;
e mechan an devan pòtay a moun dwat la.
20  Pwov 19:7Malere a vin rayi menm pa vwazen li;
men moun gwo kòb gen anpil zanmi.
21 Sila ki meprize vwazen li fè peche;
men Sòm 41:1 sila ki fè gras a malere a, beni.
22 Èske sila ki Sòm 36:4fòmante mechanste a, pa egare?
Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.
23 Nan tout travay gen pwofi;
men pale anpil mennen nan povrete.
24  Pwov 10:22Kouwòn saj yo se richès yo;
men betiz moun ensanse se foli yo.
25 Yon vrè temwen sove lavi a moun;
men sila ki Pwov 14:5pale manti pase moun nan betiz.
26 Nan Pwov 18:10lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;
e pitit li yo va jwenn sekou.
27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,
pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
28 Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa,
men afè prens ki manke moun gate nèt.
29 Sila ki Pwov 16:32lan nan kòlè a, gen gwo konprann;
men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
30 Yon kè trankil se lavi pou kò a;
men pasyon fè tout zo yo Pwov 12:4 pouri.
31 Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li;
men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
32 Mechan an jete anba pa malfezans li;
men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan;
menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
34 Ladwati leve yon nasyon;
men peche se yon gwo wont pou yon pèp.
35 Favè a wa a se anvè Mat 24:45-47sèvitè ki aji ak sajès;
men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.

14:1 Rt 4:11

14:2 Pwov 2:15

14:3 Pwov 12:6

14:5 Rev 1:5

14:7 Pwov 23:9

14:8 I Kor 3:19

14:9 Pwov 3:34

14:10 I Sam 1:10

14:11 Job 8:15

14:12 Wo 6:21

14:13 Ekl 2:1-2

14:14 Pwov 1:31

14:16 Job 28:28

14:19 I Sam 2:36

14:20 Pwov 19:7

14:21 Sòm 41:1

14:22 Sòm 36:4

14:24 Pwov 10:22

14:25 Pwov 14:5

14:26 Pwov 18:10

14:29 Pwov 16:32

14:30 Pwov 12:4

14:35 Mat 24:45-47