19
Li te Luc 18:35antre Jéricho e t ap travèse.
La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich. Zachée t ap fè efò pou ta kab wè kilès Jésus te ye, paske li te piti nan tay. Donk li te kouri devan yo e li te monte yon pyebwa ki rele I Wa 10:27sikomò pou l ta kapab wè Li, paske Li te gen pou pase pa la.
Lè Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: “Zachée, fè vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou.”
Epi li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.
Lè yo te wè sa, yo tout te kòmanse plenyen, e t ap di: “Li vin rete lakay a yon pechè.”
Zachée te rete e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt Egz 22:1kat fwa sa.”
Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se Luc 3:8yon fis Abraham. 10  Paske Mat 18:11Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”
11 Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke Luc 9:51Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke Luc 17:20wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman. 12 Akoz sa a, Li te di: Mat 25:14-30“Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen. 13  Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: “Fè biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.
14  “Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’
15  “Lè l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi fè.
16  “Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”
17  “Epi li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav; akoz ke ou Luc 16:10fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’
18  “Dezyèm nan te vini, e te di: ‘Min ou an Mèt, li fè senk min anplis.’ 19  Li te di li osi: ‘E w ap vin responsab senk vil.’
20  “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; 21  paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’
22  “Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen? 23  ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’
24  “Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.
25  “Epi yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’
26  Mat 13:12“Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis yo va bay yo, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.
27  “Men Luc 19:4lènmi M sa yo ki pa t vle m renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”
28 Lè L fin pale bagay sa yo, Li Mc 10:32te pran devan pou monte vè Jérusalem.
29  Mat 21:1-9Lè L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan. 30 Li te di: “Ale nan vil anfas ou a. La, pandan nou ap antre, nou va twouve yon jenn bourik, sou li, moun poko monte menm. Demare l, mennen l vin isit la. 31  Si Nenpòt moun mande nou poukisa nou ap demare li, se konsa nou va reponn: ‘Senyè a gen bezwen li.’ ”
32 Donk sila ki te voye yo te ale, e yo te twouve li jan ke li te di yo a.
33 Pandan yo t ap demare jenn bourik la, mèt li te mande yo: “Poukisa nou ap demare jenn bourik la?”
34 Yo te di: “Senyè a gen bezwen li.”
35  Mat 21:4-9Yo te mennen l kote Jésus, epi yo te voye rad pa yo sou bourik la, e te mete Jésus sou li.
36 Pandan li t ap prale, yo t ap ouvri rad yo sou wout la.
37 Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse Luc 18:43louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo. 38 Yo t ap rele: Sòm 118:26“Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a; lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a.
39  Mat 21:15Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la, te di Li: “Mèt, reprimande disip ou yo!”
40 Men Li te reponn e te di: “Mwen di nou, si sila yo rete an silans, Hab 2:11menm wòch yo va pran rele.”
41 Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse Luc 13:34-35kriye sou li. 42 Lit ap di: “Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn fè lapè! Men koulye a yo vin kache devan zye ou.
43  “Paske jou yo ap vini sou ou lè lènmi ou yo va Ekl 9:14fè monte yon barikad devan ou, antoure ou, e kwense nou ladann tout kote. 44  Epi yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann, e Mat 24:2yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”
45  Jn 2:13-16Jésus te antre nan tanp lan e te kòmanse pouse mete deyò sila ki t ap vann yo, 46 Li te di yo: “Li ekri. És 56:7‘Epi lakay Mwen va yon kay lapriyè, men nou fè l vin yon kav vòlè.’ ”
47 Epi chak jou Li t ap Mat 26:55enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li. 48 Men yo pa t kab twouve anyen ke yo ta kab fè, paske tout pèp la t ap akwoche sou chak pawòl Li te di.

19:1 Luc 18:35

19:4 I Wa 10:27

19:8 Egz 22:1

19:9 Luc 3:8

19:10 Mat 18:11

19:11 Luc 9:51

19:11 Luc 17:20

19:12 Mat 25:14-30

19:17 Luc 16:10

19:26 Mat 13:12

19:27 Luc 19:4

19:28 Mc 10:32

19:29 Mat 21:1-9

19:35 Mat 21:4-9

19:37 Luc 18:43

19:38 Sòm 118:26

19:39 Mat 21:15

19:40 Hab 2:11

19:41 Luc 13:34-35

19:43 Ekl 9:14

19:44 Mat 24:2

19:45 Jn 2:13-16

19:46 És 56:7

19:47 Mat 26:55