10
Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa Mat 11:29imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè I Kor 4:18kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa Wo 8:4fè lagè selon lachè, paske II Kor 6:7zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. N ap detwi tout sipozisyon avèk És 2:11tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè II Kor 2:9obeyisans nou an fin ranpli.
Jn 7:24Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la I Kor 9:1nou menm osi, nou nan Li. Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou II Kor 13:10ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont. Paske mwen pa vle li sanble ke m ta entimide nou pa lèt mwen yo. 10 Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e I Kor 1:17jan li pale vrèman meprizab.” 11 Kite yon moun konsa konsidere sa; ke sa nou ye nan lèt nou yo lè nou absan, se menm moun nan ke nou ye nan aksyon lè nou la.
12 Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki II Kor 3:1rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann. 13 Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men Wo 12:3nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a. 14 Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan II Kor 2:12levanjil Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan II Tes 1:3lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm. 16 Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou Wo 15:20nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt. 17 Men Jr 9:24“Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.” 18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se Wo 2:29sila ki rekòmande pa Bondye a.

10:1 Mat 11:29

10:2 I Kor 4:18

10:3 Wo 8:4

10:4 II Kor 6:7

10:5 És 2:11

10:6 II Kor 2:9

10:7 Jn 7:24

10:7 I Kor 9:1

10:8 II Kor 13:10

10:10 I Kor 1:17

10:12 II Kor 3:1

10:13 Wo 12:3

10:14 II Kor 2:12

10:15 II Tes 1:3

10:16 Wo 15:20

10:17 Jr 9:24

10:18 Wo 2:29