13
Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. Det 17:6“Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap II Kor 1:23epagne pèsòn. Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men II Kor 9:8byen pwisan nan nou. Paske malgre Li te Fil 2:7krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de I Kor 6:14pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. I Kor 11:28Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab I Kor 1:10vin konplè. 10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen Tit 1:3itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.
11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte Wo 12:16vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. 12  Wo 16:16Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.
13  Fil 4:22Tout sen yo salye nou.
14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak Fil 2:1dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.

13:1 Det 17:6

13:2 II Kor 1:23

13:3 II Kor 9:8

13:4 Fil 2:7

13:4 I Kor 6:14

13:5 I Kor 11:28

13:9 I Kor 1:10

13:10 Tit 1:3

13:11 Wo 12:16

13:12 Wo 16:16

13:13 Fil 4:22

13:14 Fil 2:1