9
Alò, menm premye akò a te gen Eb 9:10règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la. Paske te gen Egz 25:8,9yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.
Andedan Egz 26:31-33dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo. Li gen yon Egz 30:1-5lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a. Egz 25:17,20
Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap Nonb 18:2-6toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye, men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote Lev 16:11,14san, ke li ofri pou tèt li a ak pou Nonb 15:25peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.
Lespri Sen an ap fè nou konnen sa a; Jn 14:6ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe. Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a Eb 5:1ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li, 10 paske yo lye sèlman ak Lev 11:2manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou Eb 7:12lè tout bagay vin nèf.
11 Men lè Kris te parèt tankou Eb 2:17wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men Eb 9:14nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.
13 Paske si Lev 16:15san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke Eb 9:12san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?
15 Pou rezon sila a, Li se I Tim 2:5medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.
16 Paske kote denyè testaman akò mò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te fè l la. 17 Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.
18 Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san. 19 Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa Egz 24:6li te pran san a towo ak kabrit Lev 14:4-7avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la. 20 E konsa li te di: Egz 24:8“Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an.”
21 Menm jan an, li te Egz 24:6flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an. 22 Epi selon Lalwa, se Lev 5:11prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.
23 Konsa, li te nesesè pou kopi Eb 8:5a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.
24 Paske Kris Eb 4:14pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou. 25 Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm Eb 9:7wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. 26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a Eb 7:27pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.
27 Epi konsa, jan Jen 3:19sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa II Kor 5:10jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou És 53:12pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.

9:1 Eb 9:10

9:2 Egz 25:8,9

9:3 Egz 26:31-33

9:4 Egz 30:1-5

9:5 Egz 25:17,20

9:6 Nonb 18:2-6

9:7 Lev 16:11,14

9:7 Nonb 15:25

9:8 Jn 14:6

9:9 Eb 5:1

9:10 Lev 11:2

9:10 Eb 7:12

9:11 Eb 2:17

9:12 Eb 9:14

9:13 Lev 16:15

9:14 Eb 9:12

9:15 I Tim 2:5

9:19 Egz 24:6

9:19 Lev 14:4-7

9:20 Egz 24:8

9:21 Egz 24:6

9:22 Lev 5:11

9:23 Eb 8:5

9:24 Eb 4:14

9:25 Eb 9:7

9:26 Eb 7:27

9:27 Jen 3:19

9:27 II Kor 5:10

9:28 És 53:12