30
Pawòl SENYÈ a te vin kote m ankò e te di:
“Fis a lòm, pwofetize e di:
‘Konsa pale Senyè BONDYE a,
“Rele És 13:6‘Anmwey! Elas pou jou a!’
Paske jou a pwòch, menm Éz 7:19jou SENYÈ a pwòch;
Li va yon jou nwaj,
yon tan fènwa pou nasyon yo.
Yon nepe va rive sou Égypte
e gwo doulè va rive Ethiopie;
Lè sila yo touye yo tonbe an Égypte,
yo Éz 29:19retire tout richès li yo
e fondasyon li yo fin demoli nèt.
“ ‘ “Ethiopie, Puth, Lud, tout Jr 25:20-24Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup yo va tonbe ak yo pa nepe.”
“ ‘Konsa pale SENYÈ a
“Anverite, sila ki sipòte És 20:3-6Égypte yo va tonbe
e ògèy a pouvwa li a va tonbe;
soti nan Migdol jis rive Syène
Yo va tonbe ladann pa nepe,” deklare Senyè
BONDYE a.
Yo va vin dezole nan Jr 25:18-26mitan peyi ki dezole yo;
Epi vil li yo va nan mitan vil devaste yo.
Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M
limen Éz 22:31dife an Égypte la
e tout sila ki te ede l yo vin kraze nèt.
“ ‘ “Nan jou sa a, És 18:1-2mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie; epi gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!”
10 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Anplis Éz 29:19Mwen va fè gwo foul lame Égypte la vin sispann
pa men a Nebucadnetsar, wa Babylone nan.
11 Li menm ak pèp li a avè l;
Éz 28:7pi mechan pami nasyon yo va antre
pou detwi peyi a;
epi yo va rale nepe yo kont Égypte
e plen peyi a ak mò.
12 Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo
e vann És 19:4peyi a pou antre nan men moun mechan yo.
Mwen va fè peyi a vin dezole ak tout sa ki ladann
pa men etranje yo;
Mwen, SENYÈ a, fin pale.”
13 “ ‘Konsa pale Senyè Bondye a:
“Anplis, Mwen va És 2:18detwi zidòl yo
e fè imaj yo sispann nan Noph.
P ap gen prens ankò nan peyi Égypte;
Epi Mwen va mete laperèz nan peyi Égypte.
14 Mwen va fè Pathros vin dezole,
mete dife nan Sòm 78:12-43Tsoan
e egzekite jijman sou Nò.
15 Mwen va vide chalè kòlè Mwen sou Sin,
sitadèl a Égypte la;
anplis, Mwen va koupe retire nèt gwo foul Nò yo.
16 Mwen va mete dife an Égypte;
Nò va vin tòde ak gwo doulè,
Sin va gen brèch nèt e Noph va gen
gwo twoub chak jou.
17 Jenn mesye a On ak Pi Béseth yo
va tonbe pa nepe
e anplis, fanm yo va antre an kaptivite.
18 Nan Jr 43:8Tachpanès, jounen an va vin fènwa
lè M kraze jouk an fè Égypte la.
Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li;
yon nwaj va kouvri li
e fi li yo va antre an kaptivite.
19 Konsa Mwen va Sòm 9:16egzekite jijman sou Égypte
e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” ’ ”
 
20 Nan Éz 26:1onzyèm ane, nan premye mwa, nan setyèm jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 21 “Fis a lòm, Mwen te Sòm 10:5kase bra a Farawon, wa Égypte la; epi gade byen, li pa t mete pansman pou l ta geri, ni vlope ak bandaj pou l ta ka vin gen fòs pou kenbe nepe. 22 Konsa, pale Senyè BONDYE a: II Wa 24:7‘Gade byen, Mwen kont Farawon, wa Égypte la e Mwen va kase bra li, ni sa ki gen fòs la ni sa ki kase deja a; epi Mwen va fè nepe a tonbe kite men li. 23 Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo e dispèse yo pami peyi yo. 24 Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan e mete nepe Mwen nan men l; epi Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan li ak plent a yon nonm ki blese. 25 Konsa, Mwen va ranfòse bra a wa Babylone nan, men bra a Farawon yo va tonbe. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M mete nepe M nan men a wa Babylone nan e lè li Jos 8:18lonje li kont peyi Égypte la. 26 Lè Mwen gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo e dispèse pami peyi yo; alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’ ”

30:2 És 13:6

30:3 Éz 7:19

30:4 Éz 29:19

30:5 Jr 25:20-24

30:6 És 20:3-6

30:7 Jr 25:18-26

30:8 Éz 22:31

30:9 És 18:1-2

30:10 Éz 29:19

30:11 Éz 28:7

30:12 És 19:4

30:13 És 2:18

30:14 Sòm 78:12-43

30:18 Jr 43:8

30:19 Sòm 9:16

30:20 Éz 26:1

30:21 Sòm 10:5

30:22 II Wa 24:7

30:25 Jos 8:18