23
Alò, Sarah te viv pandan san-ven-sèt ane. Men sa yo ki te lane a Sarah. Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li. Jos 14:5
Konsa, Abraham te leve kite mò li a. Li te pale a Jen 10:15fis a Heth yo. Li te di: “Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. Trav 7:16; Jen 49:30 Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.”
Fis a Heth yo te reponn Abraham. Yo te di l: “Koute nou, mèt mwen, ou menm, se yon Jen 14:14prens Bondye pami nou. Antere mò ou a nan pi bon chwa ou nan tonm pa nou yo. Nanpwen pèsòn ki va refize ou yon plas antèman pou mò ou a.”
Abraham te leve e te bese devan moun yo nan peyi a, fis a Heth yo. Li te pale avèk yo, e te di: “Si se volonte ou pou m antere mò mwen an kote mwen p ap wè l, koute mwen, e pale ak Jen 25:9Ephron fis Tsochar a pou mwen, ke li kapab ban mwen kav Macpéla ki pou li a, ki nan pwent chan li an. Pou tout pri ke li fò, ke li ban mwen li devan nou kòm yon lye antèman an.”
10 Alò, Ephron te chita pami fis a Heth yo. Ephron, Ethyen an, te reponn Abraham nan prezans fis a Heth yo, menm Jen 23:18tout moun yo ki t ap antre nan pòtay vil la. Li te di: 11 “Non, mèt mwen, koute mwen; II Sam 24:21-24 mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou fè antèman mò ou a.”
12 Konsa, Abraham te bese devan pèp peyi a. 13 Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen, mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.”
14 Konsa, Ephron te reponn Abraham e te di li: 15 “Mèt mwen, koute mwen. Yon mòso tè ki vo kat-san Egz 30:13pyès lajan, kisa sa ye antre mwen avèk ou? Alò, antere mò ou a.”
16 Abraham te koute Ephron. Konsa, Abraham te peze pou Ephron lajan ke li te nonmen nan prezans tout fis a Heth yo, kat-san pyès lajan, nan sistèm komès nòmal. II Sam 14:26
17 Pou sa a, Jen 25:9chan Ephron ki te nan Macpéla a, ki te pozisyone vè Mamre a, chan an avèk kav ki te ladann nan, tout bwa ki te nan chan an, ki te anndan limit li yo, te sede 18 a Abraham kòm posesyon nan Jen 23:10prezans fis a Heth yo, devan tout moun ki te antre nan pòtay vil li a. 19 Apre sa, Abraham te antere Sarah, madanm li nan kav la nan chan Macpéla ki anfas Mamre a, (sa vle di Hébron) 20 Konsa, fis a Etyen yo te bay papye tè a enkli ak kav la; yo te transfere li a Abraham pou yon landwa antèman.

23:2 Jos 14:5

23:3 Jen 10:15

23:4 Trav 7:16; Jen 49:30

23:6 Jen 14:14

23:8 Jen 25:9

23:10 Jen 23:18

23:11 II Sam 24:21-24

23:15 Egz 30:13

23:16 II Sam 14:26

23:17 Jen 25:9

23:18 Jen 23:10