37
Alò, II Wa 24:17Sédécias, fis a Josias ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè wa nan peyi Juda a, te renye kon wa nan plas a Jeconia, fis a Jojakim nan. Men II Wa 24:19-20ni li menm, ni sèvitè li yo, ni pèp peyi a te koute pawòl SENYÈ a, ke li te pale pa Jérémie, pwofèt la.
Men wa Sédécias te voye Jucal, fis a Schélémia a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, kote Jérémie, pwofèt la. Li te di: I Wa 13:6“Souple, priye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou menm.”
Alò, Jérémie te toujou ap sikile pami pèp la, paske yo potko I Wa 13:6mete l nan prizon. Antretan, I Wa 13:6lame Farawon an te gen tan sòti an Égypte; epi lè Kaldeyen ki t ap fè syèj Jérusalem yo te tande rapò de yo a, yo te leve syèj la sou Jérusalem.
Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie, pwofèt la e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Konsa nou va di a wa Juda a, ki te voye nou kote m pou mande konsèy la: “Gade byen, lame És 30:1-3Farawon ki te vin parèt pou bannou asistans lan va retounen nan pwòp peyi li an Égypte. Kaldeyen yo va Jr 34:22retounen pou goumen kont vil sa a, e yo va pran l pou brile l ak dife.” ’ ”
“Konsa pale SENYÈ a: ‘Pa Jr 29:8twonpe tèt nou pou nou di: “Kaldeyen yo vrèman va kite nou”, paske vrèman, yo pa prale. 10 Paske Lev 26:36-38menm si nou te bat tout lame Kaldeyen ki t ap goumen kont nou yo e te gen sèlman moun blese ki rete pami yo, yo chak nan tant pa yo, yo ta soulve e brile vil sa a ak dife.’ ”
11 Alò, li te vin rive ke lè lame Kaldeyen an te leve syèj Jérusalem nan akoz lame Farawon an, 12 ke Jérémie te sòti deyò Jérusalem pou ale nan peyi Benjamin pou l ta ka Jr 32:8pran posesyon a yon teren pami pèp la. 13 Pandan li te kote Pòtay Benjamin an, yon kapitèn nan gad la ki te rele Jireija, fis a Schélémia, fis a Hanania a, te la. Li te Jr 18:18arete Jérémie, pwofèt la e te di: “W ap vin apiye Kaldeyen yo!”
14 Men Jérémie te di: Sòm 27:12“Manti! Mwen p ap apiye Kaldeyen yo”. Men li te refize koute li. Konsa, Jireija te arete Jérémie e te mennen li kote ofisye yo. 15 Ofisye yo te fache ak Jérémie. Yo te bat li e yo te Jen 39:20anprizone li lakay Jonathan, grefye a, ke yo te sèvi pou prizon.
16 Lè Jérémie te fin rive nan Jr 38:6donjon an, sa vle di, yon chanm prizon, li te rete la pandan anpil jou. 17 Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?”
Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va Jr 21:7livre nan men wa a Babylone nan.”
18 Anplis, Jérémie te di a Wa Sédécias: “Nan ki fason mwen te peche kont ou an, oswa kont sèvitè ou yo, oswa kont pèp sa a, pou ou te mete m nan prizon an? 19 Alò, ki kote pwofèt ki te pwofetize devan ou ye, ki t ap di: Jr 27:14 ‘Wa Babylone nan p ap parèt kont nou, ni kont peyi sa a’? 20 Men koulye a, souple, koute mwen, O mèt mwen, e wa mwen: souple, kite Jr 36:7demann mwen an rive devan ou, e pa fè m retounen lakay Jonathan, grefye a, pou mwen pa mouri la.”
21 Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan Jr 32:2lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.

37:1 II Wa 24:17

37:2 II Wa 24:19-20

37:3 I Wa 13:6

37:4 I Wa 13:6

37:5 I Wa 13:6

37:7 És 30:1-3

37:8 Jr 34:22

37:9 Jr 29:8

37:10 Lev 26:36-38

37:12 Jr 32:8

37:13 Jr 18:18

37:14 Sòm 27:12

37:15 Jen 39:20

37:16 Jr 38:6

37:17 Jr 21:7

37:19 Jr 27:14

37:20 Jr 36:7

37:21 Jr 32:2