13
Pi tà, apre sa II Sam 3:2-3 Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li. Amnon te tèlman fristre akoz sè li, Tamar, ke sa te fè li vin malad, paske li te vyèj e li te sanble difisil pou Amnon fè yon bagay ak li. Men Amnon te gen yon zanmi ki te rele Jonadab, fis a I Sam 16:9Schimea a, frè David. Epi Jonadab te yon nonm byen rize. Li te di li: “O fis a wa a, poukisa ou deprime maten apre maten konsa? Èske ou p ap di m sa?”
Epi Amnon te di li: “Mwen tonbe nan renmen avèk Tamar, sè a frè m nan, Absalom.”
Alò, Jonadab te di li: “Kouche sou kabann ou e fè kòmsi ou malad. Lè papa ou vin wè ou, di li: ‘Souple, kite sè m nan, Tamar vin ban m manje. Kite li prepare manje a devan zye m, pou mwen kapab wè li e manje manje a soti nan men li.’ ”
Konsa, Amnon te kouche e te fè tankou li te malad. Lè wa a te vin wè li, Amnon te di a wa a: “Souple, kite sè m nan, Tamar vini Jen 18:6 fè kèk gato devan zye m, pou m kab manje nan men li.”
Alò, David te voye lakay pou Tamar. Li te di: “Ale koulye a lakay frè ou a, Amnon e prepare manje pou li.” Konsa, Tamar te ale lakay Amnon pandan li te kouche a. Li te pran boul pen an, li te fwote l, li te fè gato devan zye li e te kwit gato yo. Li te pran chodyè a pou te lonje mete yo devan li, men li te refize manje. Epi Amnon te di: Jen 45:1“Fè tout moun sòti devan m.” Konsa tout moun te sòti devan li. 10 Alò, Amnon te di a Tamar: “Mennen manje a nan chanm dòmi mwen an, pou m kab manje li nan men ou.” Konsa, Tamar te pran gato ke li te fè yo e te mennen yo antre nan chanm dòmi kote frè li a, Amnon. 11 Lè li te mennen kote li pou manje, Amnon te Jen 39:12kenbe li e te di li: “Vin kouche avè m, sè mwen.”
12 Men li te reponn li: “Non, frè mwen, pa vyole mwen! Paske bagay konsa yo pa fèt an Israël. Pa fè dega sila a! 13 Pou mwen menm, kote mwen ta kab livre a wont sa a? Epi pou ou menm, ou va tankou yon moun ranpli avèk foli an Israël. Pou sa, souple, pale avèk wa a, paske Jen 20:12li p ap anpeche ou pran m.”
14 Sepandan, li pa t koute li. Lev 18:9Akoz Amnon te pi fò pase li, li te vyole li, e te kouche avèk li. 15 Epi Amnon te vin rayi li avèk yon trè gwo rayisman. Rayisman avèk sila li te rayi li a te pi gran pase renmen avèk sila li te renmen li an. Amnon te di li: “Leve, sòti!”
16 Men li te di a li: “Non, paske mal sa a ke w ap fè nan voye m ale a pi mal pase lòt ke ou te fè m nan!”
Men li pa t koute li. 17 Alò, li te rele jennonm ki t ap okipe li a, e te di: “Koulye a, jete fanm sa deyò prezans mwen e kadnase pòt la dèyè l.”
18 Alò, li te genyen yon Jen 37:3-23rad avèk manch long, paske se te konsa fi vyèj a wa yo te konn abiye an manto. Epi sèvitè l te mennen Tamar deyò e te kadnase pòt la dèyè li. 19  Est 4:1Tamar te mete sann yo sou tèt li e te II Sam 1:11chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a. 20 Alò, Absalom, frè li a te di li: “Èske Amnon, frè ou a te avèk ou? Men koulye a, rete an silans, sè mwen, li se frè ou. Pa mete afè sa a sou kè.”
Pou sa, Tamar te rete e te dezole lakay Absalom, frè li a. 21 Alò, lè David te tande tout koze sila yo, li te vin byen fache. 22 Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Lev 19:17Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.
23 Alò, li te vin rive apre dezan nèt ke Absalom I Sam 25:7te gen moun pou taye lenn mouton Baal-Hatsor ki toupre Ephraïm, e Absalom te envite tout fis a wa yo. 24 Absalom te vin kote wa a e te di: “Gade byen, sèvitè ou a genyen moun k ap taye lenn mouton. Souple, kite wa a avèk sèvitè li yo ale avèk sèvitè ou.”
25 Men wa a te di a Absalom: “Non, fis mwen, se pa tout moun ki pou ale, paske nou va yon fado pou ou.” Malgre li te ankouraje li, li pa t ale, men li te beni li.
26 Alò, II Sam 3:27Absalom te di: “Si se pa sa, souple kite frè m nan, Amnon, ale avèk nou.”
Epi wa a te di li: “Poukisa li dwe ale avèk ou?”
27 Men lè Absalom te ankouraje li, li te kite Amnon avèk tout fis a wa yo ale avèk li. 28 Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, Jij 19:6-22lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”
29 Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke II Sam 18:9Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.
30 Alò, se te pandan ke yo te nan wout la yon rapò te rive kote David ki te di: “Absalom te frape fè tonbe tout fis a wa yo e nanpwen youn nan yo ki te rete.”
31 Konsa, wa a te leve. Li II Sam 1:11te chire rad li e te kouche atè, epi tout sèvitè li yo te kanpe akote avèk rad yo chire. 32  II Sam 13:3-5Jonadab, fis a Schimea a, frè David la, te reponn: “Pa kite mèt mwen an sipoze ke yo te mete a lanmò tout jennonm yo, fis a wa yo. Se sèl Ammon ki mouri. Se sa ki te entansyon Absalom. Afè sa a te vin detèmine depi jou ke li te vyole sè li a, Tamar. 33 Alò pou sa, pa kite mèt mwen, wa a, II Sam 19:19pran rapò sa a a kè, ki vle di ‘tout fis a wa yo mouri’, paske se sèl Amnon ki mouri.” 34 Alò, II Sam 13:37-38Absalom te sove ale deja. Epi jennonm ki te gadyen an te leve zye li gade e vwala, anpil moun t ap vini soti nan wout la dèyè li akote baz mòn nan. 35 Jonadab te di a wa a: “Gade byen, men fis a wa yo gen tan vini! Menm jan avèk pawòl sèvitè ou a, se konsa sa fèt.” 36 Depi li fin pale a, vwala, fis a wa yo te vini e te leve vwa yo pou te kriye. Konsa, wa la menm, avèk tout sèvitè li yo te kriye byen anmè.
37 Men Absalom te sove ale e te ale kote II Sam 3:3Talmaï, fis a Ammihur a, wa a II Sam 14:23-32Gueschur a. David te kriye fè lamantasyon pou fis li a chak jou. 38  II Sam 13:34Konsa, Absalom te sove ale nan Gueschur e te rete la, pandan twazan. 39 Wa David te byen vle ale kote Absalom, paske II Sam 12:19-23li te pran rekonfò konsènan Amnon, akoz li te mouri.

13:1 II Sam 3:2-3

13:3 I Sam 16:9

13:6 Jen 18:6

13:9 Jen 45:1

13:11 Jen 39:12

13:13 Jen 20:12

13:14 Lev 18:9

13:18 Jen 37:3-23

13:19 Est 4:1

13:19 II Sam 1:11

13:22 Lev 19:17

13:23 I Sam 25:7

13:26 II Sam 3:27

13:28 Jij 19:6-22

13:29 II Sam 18:9

13:31 II Sam 1:11

13:32 II Sam 13:3-5

13:33 II Sam 19:19

13:34 II Sam 13:37-38

13:37 II Sam 3:3

13:37 II Sam 14:23-32

13:38 II Sam 13:34

13:39 II Sam 12:19-23