6
Lòt yo
Kan 5:6“Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?
Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
 
Jenn Fi a
Cheri mwen an te desann nan jaden li an,
nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,
pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,
pou ranmase flè Kan 2:1lis.
Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;
sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
 
Salomon
Ou bèl, cheri mwen an, tankou I Wa 14:17Thirtsa;
bèl tankou Jérusalem,
mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
Vire zye ou! Pa gade m!
Paske zye ou fè m egare.
Kan 4:1Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.
Kan 4:2Dan ou tankou yon bann mouton
ki fenk monte sot benyen.
Yo tout ki pòtre marasa.
Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.
Kan 4:3De bò figi ou tankou yon tranch grenad
dèyè vwal ou.
 
Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,
e Kan 1:3jèn fi menm pa kab konte;
Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;
li se sèl fi a manman li.
Fi san tach a sila ki te pote li a.
Jen 30:13 Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;
ni rèn ni konkibin yo.
Yo te louwe l pou di:
 
10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,
bèl tankou plèn lin nan,
san tach tankou Mat 17:2solèy la,
e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
 
11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo
pou wè bwa vèt yo nan vale a;
pou wè si chan rezen fin fè boujon,
oswa Kan 4:13grenad yo te fleri.
12 Avan mwen te menm konnen,
dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
 
Lòt Yo
13 Retounen, retounen, O Silamit lan;
Jij 21:21retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!
 
Salomon
Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?

6:1 Kan 5:6

6:2 Kan 2:1

6:4 I Wa 14:17

6:5 Kan 4:1

6:6 Kan 4:2

6:7 Kan 4:3

6:8 Kan 1:3

6:9 Jen 30:13

6:10 Mat 17:2

6:11 Kan 4:13

6:13 Jij 21:21