26
“Konsa, li va rive ke lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj la, epi nou vin posede li pou viv ladann, ke nou va pran kèk nan Egz 22:29premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e Det 12:5ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an. Nou va ale vè prèt ki anplas nan tan sa a, e nou va di li: ‘Mwen deklare nan jou sa a SENYÈ a, Bondye ou, ke mwen te antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.’ ”
“Alò, prèt la va pran panyen an soti nan men ou e mete li devan lotèl SENYÈ a, Bondye ou a.
“Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: Jen 43:1-14‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun. Egz 1:8-11Ejipsyen yo te trete nou byen di e te aflije nou. Yo te enpoze travay fòse sou nou. Alò, Egz 2:23-25nou te kriye a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, epi SENYÈ a te tande vwa nou e te wè afliksyon nou avèk travay di ak opresyon yo. Det 4:34Konsa, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan, yon bra lonje, avèk gwo krent, avèk sign ak mèvèy. Li te mennen nou nan kote sa a, e te bannou peyi sa a, Egz 3:8-17yon peyi k ap koule avèk lèt ak siwo myèl.
10 “ ‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, Det 8:18ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a; 11 epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va Det 12:7rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.
12  Lev 27:30“Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.
13 “Nou va di devan SENYÈ a, Bondye nou an, ‘Mwen te retire pòsyon sen ki te lakay mwen an; epi osi, mwen te bay li a Levit la ak etranje a, avèk òfelen ak vèv la, selon tout kòmandman Ou yo, ke Ou te kòmande mwen. Mwen pa t vyole ni bliye okenn nan kòmandman Ou yo. 14 Mwen pa t manje ladann pandan lamantasyon mwen, ni mwen pa t retire anyen ladann pandan mwen pa t pwòp, ni pa t ofri anyen nan li a mò yo. Mwen te koute vwa SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te fè selon tout sa ke Ou te kòmande mwen yo. 15  Sòm 80:14Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou Det 26:9te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’
16 “Nan jou sa a, SENYÈ a Bondye nou an, kòmande nou pou fè lwa avèk règleman sila yo. Nou va fè atansyon pou fè yo Det 4:29avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.
17  Sòm 48:14“Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li.
18 “Jodi a, SENYÈ a te pwoklame nou se Egz 6:7pèp Li, yon posesyon presye, jan Li te pwomèt nou an, epi nou ta dwe kenbe tout kòmandman Li yo. 19 Konsa, Li va plase nou wo anwo tout lòt nasyon ke Li te fè yo, pou lwanj, repitasyon ak onè, pou nou kapab yon Egz 19:6pèp konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li te pale a.”

26:2 Egz 22:29

26:2 Det 12:5

26:5 Jen 43:1-14

26:6 Egz 1:8-11

26:7 Egz 2:23-25

26:8 Det 4:34

26:9 Egz 3:8-17

26:10 Det 8:18

26:11 Det 12:7

26:12 Lev 27:30

26:15 Sòm 80:14

26:15 Det 26:9

26:16 Det 4:29

26:17 Sòm 48:14

26:18 Egz 6:7

26:19 Egz 19:6