43
Sòm 26:1Deklare m inosan, O Bondye mwen!
Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl.
O delivre mwen soti nan men
a lezòm mantè e enjis yo!
Paske Ou se Bondye fòs mwen an.
Poukisa Ou rejte m?
Poukisa mwen Sòm 42:9fè dèy akoz opresyon a lènmi an?
Voye Sòm 36:9limyè Ou deyò avèk verite Ou;
kite yo mennen mwen.
Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.
Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,
Bondye Sòm 21:6lajwa m ki depase limit lan.
Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,
O Bondye, Bondye mwen an.
Sòm 42:5-11Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
E poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye!
Paske m ap louwe Li ankò:
O sove m, soutyen mwen an,
ak Bondye m.

43:1 Sòm 26:1

43:2 Sòm 42:9

43:3 Sòm 36:9

43:4 Sòm 21:6

43:5 Sòm 42:5-11