23
Alò, li te vin rive apre anpil jou, lè SENYÈ a te bay Jos 21:44repo a Israël kont tout lènmi yo nan tout kote, e Josué te vin vye, avanse nan laj, ke Jos 24:1Josué te rele tout Israël, tout ansyen yo avèk chèf an tèt yo avèk jij yo ak ofisye yo. Li te di yo: “Mwen vin vye, avanse nan laj. Konsa, nou te wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a tout nasyon sila yo akoz nou menm. Paske se Det 1:30SENYÈ a, Bondye nou an, ki t ap goumen pou nou an. Nou wè, Egz 23:30mwen te apòsyone pou nou nasyon sila ki rete yo kòm eritaj pou tribi nou yo, avèk tout nasyon ke mwen te koupe retire nèt yo, soti nan Jourdain an jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche. SENYÈ a, Bondye nou an, li va pouse yo sòti devan nou e chase yo soti pou nou pa wè yo. Konsa, Nonb 33:53nou va posede peyi yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pwomèt nou an.
Det 5:32Pou sa, Kenbe fèm! Sonje e fè tout sa ki ekri nan liv lalwa Moïse la, pou nou pa vire akote li, ni adwat, ni agoch. Ke nou pa asosye avèk nasyon sila yo, sila ki toujou rete pami nou yo, ni nonmen non a dye pa yo, ni fè pèsòn sèmante pa yo, ni Egz 20:5sèvi yo, ni bese devan yo. Men nou dwe kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke nou te fè jis Jodi a.
Egz 23:23-30Paske SENYÈ a te chase deyò, nasyon ki gran e ki gen fòs soti devan nou. Epi pou nou menm, nanpwen pèsòn ki te konn kanpe devan nou jis Jodi a. 10 Youn nan moun pa nou yo va fè yon milye sove ale; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Det 3:22Li menm ki goumen pou nou jan Li te pwomèt nou an. 11 Pou sa, veye tèt nou anpil pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an.
12 Paske si nou janm retounen pou Egz 34:15-16kole a lòt nasyon sila yo, sila ki rete toujou pami nou yo, e vin fè maryaj avèk yo, pou nou vin nan relasyon avèk yo, e yo menm avèk nou, 13 konnen, anverite, ke SENYÈ a, Bondye nou an, p ap kontinye chase nasyon sila yo sòti devan nou; men yo va vin yon Egz 23:33pèlen ak yon pyèj pou nou, yon frèt bò kote nou ak pikan nan zye nou, jiskaske nou peri sòti nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an.
14 Alò, gade, jodi a, I Wa 2:2mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke Jos 21:45pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke. 15 Li va vin rive a nou menm ke menm jan tout bon bagay ke SENYÈ a Bondye nou an te pale de nou te vin rive, ke menm jan, Lev 26:14-33SENYÈ a va mennen fè rive sou nou tout menas, jiskaske Li fin detwi nou e fè nou sòti nèt nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an, 16  Det 4:25-26si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.”

23:1 Jos 21:44

23:2 Jos 24:1

23:3 Det 1:30

23:4 Egz 23:30

23:5 Nonb 33:53

23:6 Det 5:32

23:7 Egz 20:5

23:9 Egz 23:23-30

23:10 Det 3:22

23:12 Egz 34:15-16

23:13 Egz 23:33

23:14 I Wa 2:2

23:14 Jos 21:45

23:15 Lev 26:14-33

23:16 Det 4:25-26