21
Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Jn 6:1Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.
Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e Mat 4:21fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.
Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.”
Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e Luc 5:5nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.
Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo Luc 24:16pa t konnen ke se te Jésus.
Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, Luc 24:41èske nou pa gen kèk grenn pwason?”
Yo te reponn Li: “Non”.
E Li te di yo Luc 5:4“Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.”
Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo.
Jn 13:23Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.”
Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.
Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an. E lè yo te desann atè, yo te wè yon Jn 18:18dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.
10  Jésus te di yo: “Pote kèk nan Jn 6:9-11pwason ke nou fenk kenbe yo.”
11 Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkant-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.
12 Jésus te di yo: “Vin pran Jn 21:15ti dejene.”
Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.
13 Jésus te vini. Li te pran Jn 21:9pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.
14 Sa koulye a se Jn 20:19-26twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.
15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, Mat 26:33èske ou renmen M plis ke sa yo?”
Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”
16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: Mat 2:6“Fè bèje mouton Mwen yo.”
17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”
E li te di Li: “Senyè, Jn 16:30Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”
Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18  Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”
19 Sila Li te di pou montre pa II Pi 1:14ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”
20 Pierre te vire gade pa dèyè e te wè Jn 21:7disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te Jn 13:25apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”
21 Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”
22 Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, Mat 8:22swiv Mwen!”
23 Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete Mat 16:27jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”
24 Sa se disip ki Jn 15:27fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.
25 Epi genyen osi Jn 20:30anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tou lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.

21:1 Jn 6:1

21:2 Mat 4:21

21:3 Luc 5:5

21:4 Luc 24:16

21:5 Luc 24:41

21:6 Luc 5:4

21:7 Jn 13:23

21:9 Jn 18:18

21:10 Jn 6:9-11

21:12 Jn 21:15

21:13 Jn 21:9

21:14 Jn 20:19-26

21:15 Mat 26:33

21:16 Mat 2:6

21:17 Jn 16:30

21:19 II Pi 1:14

21:20 Jn 21:7

21:20 Jn 13:25

21:22 Mat 8:22

21:23 Mat 16:27

21:24 Jn 15:27

21:25 Jn 20:30