70
Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni
Sòm 40:13-17 O Bondye, fè vit pou delivre mwen.
O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!
Sòm 35:4-26 Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye.
Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.
Sòm 40:15 Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.
Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou.
Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan:
“Kite Bondye egzalte”.
Men mwen aflije e mwen nan nesesite.
Sòm 141:1Fè vit vin kote mwen, O Bondye!
Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen.
O SENYÈ, pa mize.

70:1 Sòm 40:13-17

70:2 Sòm 35:4-26

70:3 Sòm 40:15

70:5 Sòm 141:1