4
Alò, li te vin rive ke lè Né 2:10Sanballat te tande ke nou t ap rebati miray la, li te vin anraje nèt, byen fache e te moke Jwif yo. Li te pale nan prezans a frè li yo avèk Samariten rich yo. Li te di: “Se kisa Jwif san kapasite ak fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap restore li pou kont yo? Èske yo kab ofri sakrifis? Èske yo kab fin fè l nan yon jounen? Èske yo kab restore wòch yo soti nan ranblè plen pousyè a; menm sa ki te brile yo?”
Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li. Li te di: “Menm sa y ap bati, Lam 5:18 si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!”
Tande, O Bondye pa nou an, kijan nou meprize! Fè repwòch pa yo Sòm 79:12 retounen sou pwòp tèt yo, e livre yo pou yo ta vin piyaje nan yon peyi an kaptivite. Pa Sòm 69:27padone inikite yo, e pa kite peche yo efase devan Ou, paske yo te dekouraje ouvriye ki t ap bati yo.
Konsa, nou te bati miray la, e tout miray la te jwenn ansanm jis rive nan mwatye wotè li, paske pèp la te gen tèt ansanm pou travay la.
Alò, lè Sanballat, Tobija, Arab yo, Amonit ak Ashdodit yo te tande ke reparasyon miray Jérusalem yo te kontinye, e ke brèch yo te kòmanse fèmen yo te byen fache. Yo tout ansanm te Sòm 83:3 fè konplo pou vin goumen kont Jérusalem, e pou fè zen ladann. Men nou te priye a Bondye nou an e akoz yo menm, nou te Né 4:11 plase yon gad pou anpeche yo lajounen kon lannwit. 10 Konsa, nan Juda yo t ap di:
“Fòs a sila ki pote chaj yo ap febli,
Malgre, toujou gen anpil fatra;
Epi nou menm pou kont nou,
P ap kab rebati miray la.”
11 Lènmi nou yo t ap di: “Yo p ap konnen ni wè jiskaske nou vini pami yo, touye yo e mete fen nan travay la.”
12 Lè Jwif ki te rete toupre yo te vin kote nou dis fwa epi te di nou: “Yo va vini kont nou soti tout kote ke nou kab vire,”
13 Alò, mwen te estasyone moun nan pati piba nan espas dèyè miray la, kote ki te manke pwotèj e mwen te estasyone moun pami fanmi yo avèk nepe pa yo, lans ak banza yo. 14 Lè m te wè ke yo te pè, mwen te leve pale avèk gwo moun yo, chèf yo ak tout lòt moun yo: “Pa pè yo; sonje Senyè a gran e mèvèye. II Sam 10:12Goumen pou frè nou yo, fis nou yo, fi nou yo, madanm nou yo ak lakay nou yo.”
15 Lè lènmi nou yo te tande ke afè yo te rekonèt pa nou, e ke II Sam 17:14Bondye te jennen plan yo; alò, nou tout te retounen kote miray la, chak moun nan pwòp travay li. 16 Depi jou sa a, mwatye nan sèvitè mwen yo te fè travay la, e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye pwotèj yo, banza yo ak pwotèj lestomak yo. Epi kapitèn yo te dèyè lakay Juda a. 17 Sila ki t ap rebati miray la avèk sila ki te pote chaj yo te pran chaj yo nan yon men pou fè travay la e te kenbe yon zam nan lòt men an. 18 Epi pou sila ki t ap bati yo, chak moun te mete yon nepe senti nan ren li pandan li t ap bati a, e mesye twonpèt la te rete toupre mwen. 19 Mwen te pale ak gwo moun yo, chèf yo, ak tout lòt moun yo: “Travay la gran e vast e nou se separe sou miray la de yon lwen a yon lòt. 20 Nenpòt kote ke nou tande twonpèt la, vin rive kote nou la a. Egz 14:14Bondye nou an va goumen pou nou.”
21 Konsa, nou te kontinye travay la avèk mwatye nan yo ki te kenbe lans yo soti nan maten jis rive lè zetwal yo te vin parèt. 22 Nan lè sa a, mwen te di pèp la ankò: “Kite chak mesye yo ansanm avèk sèvitè li pase nwit lan Jérusalem pou yo kab fè yon bon gad pou nou pandan nwit lan, e sèvi kon yon ouvriye nan lajounen.” 23 Konsa, ni mwen menm, ni frè m yo, sèvitè mwen yo, ni mesye nan gad ki te swiv mwen yo, okenn pa t rete rad yo, chak moun te pote zam li, menm lè yo ale chache dlo.

4:1 Né 2:10

4:3 Lam 5:18

4:4 Sòm 79:12

4:5 Sòm 69:27

4:8 Sòm 83:3

4:9 Né 4:11

4:14 II Sam 10:12

4:15 II Sam 17:14

4:20 Egz 14:14