15
Yon sòm David
O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?
Kilès ki kab demere sou Sòm 24:3 mòn sen Ou an?
Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;
li ki pale verite a nan kè li a,
ki pa fè kout lang sou lòt,
ni fè vwazen li mal,
ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li.
Nan zye a sila yon vagabon meprize a,
men ki Trav 28:10bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo.
Li sèmante a pwòp pèt li,
E li pa chanje menm.
Li pa vèse bay lajan li avèk enterè,
ni Egz 23:8li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan.
 
Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.

15:1 Sòm 24:3

15:4 Trav 28:10

15:5 Egz 23:8