17
II Sam 7:1-29Li te vin rive ke lè David te rete lakay li, ke David te di a Nathan, pwofèt la: “Gade byen, mwen rete nan yon kay fèt ak sèd, men lach akò SENYÈ a rete anba rido.”
Nathan te di a David: “Fè tout sa ki nan kè ou, paske Bondye avèk ou.”
Li te vin rive nan menm nwit lan ke pawòl SENYÈ a te parèt a Nathan. Li te di: “Ale pale David, sèvitè Mwen an, ‘Konsa pale SENYÈ a, I Kwo 28:2-3“Ou pa pou bati yon kay pou Mwen pou M rete ladann; paske Mwen pa t konn rete nan yon kay depi jou ke M te mennen Israël monte a, jis rive jodi a; Egz 40:2-3men Mwen te ale soti de tant a tant e soti yon kote pou rete jis rive a yon lòt. Nan tout plas kote Mwen te mache avèk Israël yo, èske Mwen te pale yon mo II Sam 7:7avèk okenn nan jij Israël yo pou Mwen te kòmande yo pou fè bèje a pèp Mwen an, epi te di yo: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay an sèd?’ ”
Alò, pou sa, konsa ou va pale ak sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ a dèzame yo: “Mwen te retire ou nan pak kote ou t ap swiv mouton, pou devni chèf sou pèp Mwen an, Israël. Mwen te avèk ou tout kote ke ou te ale, e te koupe devan ou tout lènmi ou yo. Konsa, Mwen va fè yon non pou ou pare ak pi gwo moun sou latè yo. Mwen va chwazi yon plas pou pèp Israël Mwen an e va plante yo, pou yo kab rete nan pwòp plas yo, pou yo pa vin deplase ankò. Konsa, mechan yo p ap epwize yo ankò tankou oparavan, 10 depi jou ke M te kòmande jij yo vini sou pèp Israël Mwen an. Konsa, Mwen va soumèt tou lènmi ou yo. Anplis, Mwen di ou, ke SENYÈ a va bati yon kay pou ou. 11 Lè jou yo acheve pou ou oblije ale jwenn zansèt ou yo, Mwen va plase youn nan desandan apre ou yo, ki va nan fis ou yo; epi Mwen va etabli wayòm pa li. 12 Li va bati pou Mwen yon kay e mwen va etabli twòn li jis pou tout tan. 13  Eb 1:5Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, I Kwo 10:14tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an. 14 Men Mwen va etabli li lakay Mwen ak nan wayòm Mwen an jis pou tout tan e twòn li an va etabli nèt pou tout tan.” ’ ” 15 Selon tout pawòl sa yo e selon vizyon sila a, konsa Nathan te pale ak David.
16 Konsa, wa David te antre e te chita devan SENYÈ a epi te di: II Sam 7:18“Se kilès mwen ye, O SENYÈ a, Bondye a e kisa lakay mwen ye pou Ou te mennen m rive jis isit la? 17 Sa se te yon ti bagay nan zye Ou, O Bondye, men Ou te pale afè lakay sèvitè Ou a pou anpil tan k ap vini, e te gade mwen kon yon moun gran valè, O SENYÈ Bondye. 18 Kisa, anplis, David kapab di Ou selon onè ki bay a sèvitè Ou a? Paske ou konnen sèvitè Ou. 19 O SENYÈ, II Sam 7:21pou koz sèvitè ou a, e selon pwòp kè pa Ou, Ou te prepare tout grandè sa a, pou ta fè konnen tout gran afè sila yo. 20 O SENYÈ, nanpwen lòt tankou Ou, ni nanpwen okenn Bondye sof ke Ou, selon tout sa ke nou te tande avèk zòrèy nou. 21 Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson a Li menm yon pèp; pou fè yon non pou Ou pa bagay ki te gran e mèvèye yo, lè Ou te pouse, fè soti tout lòt nasyon yo devan pèp Ou a, ke Ou te rachete, fè soti nan Egypte. 22  Egz 19:5-6Paske pèp Ou a, Israël, Ou te fè pwòp pèp Ou a jis pou tout tan e Ou menm, O SENYÈ, te vin Bondye pa yo. 23 Koulye a, O SENYÈ, kite pawòl ke Ou te pale pa sèvitè Ou a, selon lakay li vin etabli jis pou tout tan an. Fè jan Ou te pale a. 24 Kite non pa Ou vin etabli e onore jis pou tout tan, epi di: SENYÈ dèzame yo se Bondye a Israël la, yon Bondye menm pou Israël. Konsa, lakay David, sèvitè Ou a se etabli devan Ou. 25 Paske Ou menm, O Bondye mwen, te revele a sèvitè Ou a, ke Ou va bati pou li yon kay. Pou sa, sèvitè Ou a te twouve kouraj pou vin priye devan Ou. 26 Koulye a, O SENYÈ, Ou se Bondye e te pwomèt bon bagay sa a sèvitè Ou a. 27 Konsa, sa te fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè Ou a, pou li kapab kontinye jis pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè l beni e li menm vin beni jis pou tout tan.”

17:1 II Sam 7:1-29

17:4 I Kwo 28:2-3

17:5 Egz 40:2-3

17:6 II Sam 7:7

17:13 Eb 1:5

17:13 I Kwo 10:14

17:16 II Sam 7:18

17:19 II Sam 7:21

17:22 Egz 19:5-6