3
Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di: “Leve ale So 2:13Ninive, gwo vil la e Jr 1:17 pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”
Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te Jon 1:2 tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l. Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te Mat 12:41 kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”
Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon Dan 9:3 jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo. Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann. Est 4:1-4 Li te pibliye yon II Kwo 20:3 pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo. Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab És 1:16-19 vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo. II Sam 12:22 Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”
10 Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te I Wa 21:27-29vire kite chemen mechan yo a, alò Egz 32:14 Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.

3:2 So 2:13

3:2 Jr 1:17

3:3 Jon 1:2

3:4 Mat 12:41

3:5 Dan 9:3

3:6 Est 4:1-4

3:7 II Kwo 20:3

3:8 És 1:16-19

3:9 II Sam 12:22

3:10 I Wa 21:27-29

3:10 Egz 32:14