149
Louwe SENYÈ a!
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
avèk lwanj Li Sòm 35:18nan asanble fidèl Li yo.
Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.
Kite fis a Sion yo rejwi nan Jij 8:23Wa yo a.
Kite yo louwe non Li avèk dans!
Kite yo chante lwanj a Li
avèk Egz 15:20tanbouren ak gita.
Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.
Li va Sòm 132:16anbeli enb yo avèk sali Li.
Kite fidèl yo leve wo nan glwa.
Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.
Ke Sòm 66:17 gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,
ak yon nepe file de bò nan men yo,
pou Éz 25:17fè vanjans sou nasyon yo,
avèk pinisyon sou lòt pèp yo;
pou mare wa yo ak chenn,
ak Na 3:10moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,
pou Det 7:12egzekite sou yo jijman ki te ekri a.
Sa se lonè de tout fidèl Li yo.
Louwe SENYÈ a!
 

149:1 Sòm 35:18

149:2 Jij 8:23

149:3 Egz 15:20

149:4 Sòm 132:16

149:6 Sòm 66:17

149:7 Éz 25:17

149:8 Na 3:10

149:9 Det 7:12