2
Apre bagay sa yo, Est 1:19-20 lè kòlè a Wa Assuérus te vin kalme, li te sonje Vasthi ak sa li te fè a, e dekrè ki te fèt kont li an. Alò, asistan a wa a ki te sèvi li yo, te di: I Wa 1:2“Annou fè rechèch pou jwenn jenn vyèj ki byen bèl pou wa a. Kite wa a apwente sipèvizè nan Est 1:1-2 tout pwovens a wayòm li yo pou yo kab rasanble tout bèl vyèj pou vin parèt nan sitadèl Suse la, antre nan kay fanm a wa a ki sou kontwòl Hégué a, enik a wa a, ki an chaj fanm yo. Kite yo byen prepare ak tout bagay pou fè yo bèl yo. Alò, kite jenn fi ki bay wa a plezi a, vin regne la nan plas a Vasthi a.” Koze a te fè wa a kontan e se konsa li te fè l.
Te gen nan sitadèl Suse la, yon Jwif ki te rele Est 3:2 Mardochée, fis a Jaïr, fis a Schimeï, fis a Kis, yon Benjamit, II Wa 24:14-15 ki te ale an egzil soti Jérusalem avèk kaptif ki te ekzile avèk Jeconia yo, wa Juda ke Nebudkanetsar, wa Babylone nan, te fè ekzile a. Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Est 2:15 Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.
Konsa, li te vin rive ke lè kòmand avèk dekrè a wa a te tande e anpil jèn fi te ranmase nan sitadèl Suse la sou sipèvizyon a Est 2:3-15Hégaï, ke Esther te pran pou antre nan palè a wa a, anba sipèvizyon a Hégaï, ki te responsab fanm yo. Alò, jèn fi a te fè l plezi e te twouve favè devan l. Pou sa, li te bay li Est 2:3-20 tout atik twalèt avèk manje san fè reta, e li te ba li sèt sèvant de chwa nan palè a wa a, e te voye li avèk sèvant li yo nan pi bon kote pami fanm a wa yo. 10  Est 2:20 Esther pa t fè pèsòn konnen ras pèp li a ni fanmi li yo, paske Mardochée te enstwi li pou li pa ta dwe fè sa rekonèt. 11 Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.
12 Alò, lè chans a chak jèn demwazèl te vin rive pou antre kote wa Assuérus la, lè l te fin fè preparasyon douz mwa anba règleman pou fanm yo—paske jou pou konplete preparasyon bèlte yo te fini konsa: si mwa avèk lwil lami a, e si mwa avèk aplikasyon epis ak pafen pou fanm— 13 Men kòman jèn fi a ta antre kote wa a: nenpòt bagay ke li te dezire, ta bay a li menm pou pran avè l soti lakay fanm yo pou rive nan palè a wa a. 14 Nan aswè, li ta ale ladann e nan maten, li ta retounen nan dezyèm kay fanm yo, sou responsabilite Schaaschgaz, enik a wa a ki te an chaj konkibin a wa yo. Li pa t antre kote wa a ankò sof ke wa a te kontan anpil avèk li e te rele li eksprè pa non l.
15 Alò lè lè pou Esther, Est 2:7fi de Abichaïl la, tonton li, Mardochée, ki te pran li kon pwòp pitit pa li, te rive antre kote wa a, li pa t mande anyen sof ke sa ke Hégaï, enik a wa a ki te an chaj fanm yo, te konseye yo. Epi Esther te jwenn favè nan zye a tout moun ki te wè l yo.
16 Pou sa, Esther te mennen vè Wa Assuérus nan palè wayal li a nan dezyèm mwa ki nan mwa Tébeth la, nan setyèm ane pouvwa li a. 17 Wa a te renmen Esther plis pase tout fanm yo, e li te twouve gras avèk favè devan li menm plis pase tout lòt vyèj yo, jiskaske Est 1:11li te mete kouwòn wayal la sou tèt li e te fè li rèn nan plas a Vasthi a.
18 Epi wa a te bay yon gran bankè pou tout chèf li yo ak sèvitè li yo. Li te rele l bankè Esther. Li te pwokame l yon jou fèt pou pwovens yo, epi li te bay yo kado Est 1:7 selon jenewozite a wa a.
19 Lè vyèj yo te reyini ansanm yon dezyèm fwa a, alò, Mardochée Est 2:21t ap chita nan pòtay a wa a. 20 Esther potko fè yo konnen fanmi li yo, ni pèp li a, jis jan ke Mardochée te bay li lòd fè a, jis jan li te fè Est 2:7lè se te li ki t ap swaye li a. 21 Nan jou sa yo, pandan Mardochée te chita nan pòtay palè a wa a, Est 6:2 Bigthan avèk Théresch, de ofisye a wa yo ki t ap veye pòt la, te vin fache, e te chache mete men sou wa Assuérus. 22 Men konplo a te vin rekonèt pa Mardochée e Est 6:1-2 li te pale rèn Esther, e Esther te pale wa a nan non a Mardochée. 23 Alò, lè yo fè rechèch nan konplo a e jwenn bout li, yo tou de te pann sou yon bwa; epi sa te ekri nan Est 10:2Liv Achiv Kwonik Yo nan prezans wa a.

2:1 Est 1:19-20

2:2 I Wa 1:2

2:3 Est 1:1-2

2:5 Est 3:2

2:6 II Wa 24:14-15

2:7 Est 2:15

2:8 Est 2:3-15

2:9 Est 2:3-20

2:10 Est 2:20

2:15 Est 2:7

2:17 Est 1:11

2:18 Est 1:7

2:19 Est 2:21

2:20 Est 2:7

2:21 Est 6:2

2:22 Est 6:1-2

2:23 Est 10:2